Istwa sa m’ap rakonte la ap pase nan on ti zile Ke anpil moun rele peyi anpil lòt rele l’ ti sina Koz li endepandan sèl sou entènèt Men l’ depann de 3 lèt istwa sa reyèl nou pa n’on ti « ciné » Itilize l’ san rete pou yo avanse Fin divize l’ san regrè pandan plis k’on syèk Kolon modèn, gide l’ avèk teknoloji An gwo dirijan l’ yo vo apeprè yon chèk Izin e sou lobedjans asasen Li se poumon, li se rasin, li se vi, li se men Dèv, prèv ke l’ pa initil Men l’ jis paka soti tèt li nan lonbraj li ye a « mais putain, ça craint » On bann bèl tèm : dwadlòm, limanite Mete yo ansanm yo paka fè pwa kont rivalite Chak moso tè gen apa ti lo patat li Kite mele moun si zile a jis ap jere divinite l’ Tout antouraj li ap pwogrese, l’ap regrese L’ap pwoteje « Dieu sait quoi » pandan goud la ap depresye Pa gen anplwa, mas pèp la mal edike Sa tèlman grav y’ap agres’on frè jis paske l’ gen kowona Vi isit kriyel Pou site D-Fi: Ou ka siviv tout kote nan monn lan si la pa tiye w’ N’ n’on peyi, moun k’ap bay plezi ap touche plis ke moun k’ap bay swen Apre pou nou al plenyen pa gen medsen Fuck ! Mic Controller ankò 2 Gout Lank Ekilib ! Ekilib RESKP for life