I am muzik! Si n ap fè rap pou hype, drop pou mike Tankou money honey mwen m ap fè back to back Sa se boom bap rap pou w rap Tankou laponyèt beat la bat tout sa k t ap bat bouda yo Kòm nou fè l nan memwa gen sa k ap ekri ti Fraz raz, chire vès sakaje kilti Mikwo a sakre tout bon l rekonèt anprent Mouvman se pou real nan pwen fake ki pap pran nan prank Mande dedy l ap di w instru a styl madly deadly e l pa ka steal pa MC san stil, mèwi Pandan nèg y ap rap tankou debitan Zo polo g on still flow k ap delivre tankou pan Depi tan nèg yo pran challenge lan pou konkou ransè Swadizan enfliyan, moun san kilti y ap enfliyanse Mwen m ret djanm pa janm twonpe mouvman Pap rap fant janm yo se twotwa y ap konkiranse Yo di w yo malad rap menm malada yo pap koute pa konn felifa, voire opak, s on bann pakoti Vin pran rap si w ansyen pou plen abako M vin ba w vayb kou amapiano k ap jwe sou balcony Check mic 1-2, si w sispèk lè pa w poko rive se jis gad mont ou Kò moun lespri hip hop, fò w smart pou w ka konprann lè m rap M fè skills, rhymes se pastan m Chill, vibe, aksyon Tiz tout yon nasyon pou n fè viv rap ak pasyon Piti m chaje fason, liriks chaje gason Yo hype! Nou fè hip hop an aksyon Y ap rap pa gen 2 k koute yo, blòf y ap bay k on depite yo Drop hard, sa m rap debite yo bon depi w wè l degoute yo No pa gen show bizz, no trees, sa m ap ofri yo plis ke skills so please! Beni l kou losti Alòs sa pa rans, la pa gen karans Gad on tenten mesye so bit sa pa gen paran Al kwè aparans men m lè m piti m ka laji ke flo m tankou (ah! Pa di l ankò) Gad on talan Kidonk ajenouye w se zo polo k aje a Hip hop m ap sakaje sa k fè mizik mwen pa ka jwe la M pa nan lakou ebyen zafè m nan raje a E m ap pwouve l sou track sa e se sa k fè m anraje a Non n pa rap, non n pa hip hop Anh se trap, non l pa refòm Sou yon trak anba tab sa w pat kab la m bat rekòl Pa gen sijè, jwenn youn anba mizè fò w al lekòl Gad on teknik k ap kale kò l Zo polo, rappeur d’élite braque les satellites J’aurais pris perpét’ si bien rapper était un délit Mesye ban m vag Mic controller ankò, i am rap Tande sa m fè bit dedy a