Se mwen k’ap gide mikwo m’ fre m’ se pa l’inverse Zo Polo The Mic Controller Hebert Le Grand OK M’ te eseye kouche lide m’ pou m’ ka fè l’ akouche sans Livre l’ tout entimite m’ pou m’ pa janm a kontresans Nan relasyon m’ ak mizik m’ jwenn game nan tou steril Men pozisyon m’ fè m’ adopte mesaj olye kontredans L’ap difisil pou Cater fè w’ bouje tankou tout rapè W’ap koute e tou se sa k’ fè m’ap pote rap lou pou sa k’ kwè Sa k’ grandi n’on anbyans familyal E ki pa sispann grangou verite radikal M’ pa yon papa modèl men m’ te eseye Mete tout rezon m’ depi lè rap tounen bòdèl Depi lè plim ap pwostitiye, lajan ap achte rapè Mwen m’ bese tèt mwen, sèlman douv’on fèy kaye Zèv mwen paka viv san li Youn dèyè lòt mo ap desinen lè plim m’ap karese l’ E nan chak teks mwen m’ap montre l’ jan m’ anvi l’ Ak lank refleksyon m’ k’ap tache sou kò li Mic Controller ankò Perfect ap pote mannèv Teknik yo Gusley i see you Ekilib ekilib M’ te eseye mennen bak mwen byen pou m’ ka pwoche Objektif la avan van chire vwal mwen m’ kwè m’ap kwochte Anpil maren ap repwoche metye a red m’ kenbe ba m’ Kenbe mo m’// kenbe pwezi m’// kenbe direksyon m’ Se mwen k’ap gide mikwo m non, se pa mikwo m’ k’ap trase vwa m’ Menm lè w’ wè m’ap sèvi avè l’ pou m’ pase vwa m’ Pase yo m’ pa di m’ap fè plis/ men m’ap f’on maksimòm Pase m’ mic epi m’ap rap real zafè si m’ pa international M’ s’on kapitèn k’ap navig’ak tèt ak kò e ak manm Non m’ pa pafè m’ sèlman met flow sou akò pou kèk nanm 6e sans/ 6-7 son/ briz se sèl gospel Mwen m’ap goudiye nan 6 fèy planch M’ konn sa ka koute m’ vi m’ oubyen karyè m’ Men fim sa pap fèt ayè so di m’ pouki pou m’ pasif Lè divinite pap entwodui pou sove w’ menm si w’ an difikilte Kite Stipidite w’ akonpanye w’ nan lanmò wete w’ nan enpinite Ankò e ankò Mic Controller a Superdad Gaelino i got you bro