Perfect records Veysigz on the beat Nou tout reve vole, reve touche syèl Reve pouse zèl reve pou n se sèl Bout ki dekole kite kolè n de kote e De kò n detache lespri n dekòde l pa dekone (ouais) Nou vle lib pou n lib, men mond lan anpeche n Nan 2 je n foure dwèt, yo di se swiv poun swiv Reziyasyon yap preche n, fè tout jan pou yo prije n Nan lespri nou met pil chèn, prizonye plis lè w pi jèn (fuck) Mond yo a pa reyèl, se ilizyon Pa ere nan erè w frè se pinisyon Pou yo tronpe n y'itilize tout teknik, san etik, clash etnik Lè w sòt ou gen sètitid, saj yo still ret septik Yo vle w pase prezan w ap reve fiti w Men ret konfyan et make sure n'ap wè l Kitem di w Mond lan se volonte ak reprezantasyon arthur schopenhauer Ilizyon Ouais Se ilizyon Ok! Nou tout reve grandi, touche syèl tankou mèt minwi Men n devye, bandi, nen n bouche n bwè yo pandan kèk minit Rèv yo trase nou n ap ranpe kou koulèv Pou wè si n ta tante atenn yo nan lavi n pou met koulè Vize etann zèl ou vole vè lorizon Y ap prive w, prije w, ret nan sèk ou please Plizyè moun ap trase lizyè w Kòmkwa yo se mèt ou, pou w soti fò w bay tèt ou yon rezon Kèk grenn mo ap mele nan sèvo an Libète w pou w pale menm ap vole k on sèvolan W ap vwayaje sou vag lavi, kadnase tout sa w ta di K ap ase pou w ka pase avan w pase pou vagabon Yo vle w pann tèt ou ak pwòp fil ide w Okenn opòtinite w pap jwenn si w pa fuck diyite w Prime kontak sou kapab Reyalite s on mizik a 5 tan, w a rime l konsa si w kapab Mond lan pa janm sa w wè a tande frè m E reyalite a ap toujou diferan avèk sa w panse a Paske nèg sa yo se itilize y ap itilize n Nou se des pions nan echikye yo jis deplase nou lè yo vle Donk se mete focus, se mete fòs pou goumen kont sistèm sa yo Paske si w pa kanpe goumen sistèm nan ap bwè w Dayè yo mete tout baryè pou anpeche w pwogrese, pou anpeche w vanse Donk se ou menm ki pou konnen pou w kwè nan rèv ou Pou w kwè nan tèt ou, pou konnen ki kote w prale Perfect records