Avan soley la fin leve lawouze potko fin tonbe Sou mwen yon bout chòt chire m’ pral nan jaden m’ pral plante M’ gen timoun pou m’ edike e lekòl yo pap peye si m’ chita On djakout nan do m’, on sèpèt ak on katchapika Nou nan sezon lapli m’ g’on ti plan melon m’ met nan tè Wè si m’a rekolte ane pase se te men nan tèt Adje konpè! Tiyo k’ vin nan jaden m’ koupe wi Pou jwenn ti gout dlo se peye pou w’ peye bwote l’ wi M’ paka lage lavi m’ ap lave nan men leta n’on peyi Anyen yo pa ba n’ regle an n’ kontinye viv nan keyi Antre nou avan mizè ateri sou nou Ti piman m’ nan fin boule razè m’ mèt akeyi l’ Ti bannann nan ki la m’espere l’ap jete M’ w’on ti pòpòt parèt li t’ap bon nan sakpay m’ ta mete l’ Voye l’ nan mache wè si madanm a toun’ak kichòy Lavi di e li difisil pou w’ achte lamanjay Vye bèt mwen yo fin mouri, ti milet la anba gawòt Se mizè, goumen chak jou wè si m’ ta ba l’ on zawòt Nan konsa se jaden an ankò m’ fin koupe ba li Bèt la ap itil ou w’ paka kite l’ la ap mouri 6 pitit pa blag youn nan kouti Vin di m’! Ki kritik w’ap vin bay nèg isi? A madanm se sèl mwayen pou jwenn ti desipè Ti domino pa jwe ankò depi lè konpè jak nan simetyè Fè jounen pou sekle jaden se kòve w’ap fè Bèt lage n’ fèk sot nan sèk e tou kisa w’ ka fè? Di tout sa m’ dwe fè pou timoun m’ pap ka site Fè kòb isit pa fasil pa m’ yo pap k’al inivèsite M’ g’on ti bwa demwatche m’ pral f’on ti chabon m’ voye vann Wè si m’ ta pwoteke yon lòt ti kal tè nan savann nan M’ pa gen laj pou m’ap mize ankò Timoun yo pral leve m’ elèv, menm mizè a ankò Mic controller ankò On konbit pou lapenn Perfect w’ap voye wou Eh yo! Gusley, m’ wè w’ tande I’m out!