Twò lontan m pat gen enspirasyon Demotive m te bliye si m konn rap akoz entèna plis delokalizasyon M te f on poze pou m travay sou tèt mwen Pa oze panse m ap kite l back and now m pral viv pasyon m Evite distraksyon bagay initil, pastan m se ba m E se mwayen m evakye fristrasyon m Yon plim yon fèy, yon balad yon enstrimantal Plis rim ou mèt kwè m s on malad mais ça je m’en tape Efò ke m fè yo fè efè e l fò en vrai de vrai Ke toutan m ap rap m ap vanse san defèt Depi m g on gwoup ki avè m e ki vrè frè Bagay sa yo ra depi m nan twou y ap fè m wè klè M pap janm gen twòp sousi e m di sa ak kè m so kwè m Menm si m sousye de son m avèk prezans sou sèn Epitou l klè ke m gen yon vrè soutyen zo polo pa nan sousou Ni nan nèg ki nan koze souse MC ki rive Rime, yon plim kriminèl Livre l kot rit li mennen l Chire yon bit qui dit mieux? Back to the bap, back to the back bap Back to the bap, back to the bap back Back to the bap, back to the back bap Back to the bap, back to the bap back Pou bon m back rap divinite Se boom bap, imilite Pou tann dat y ap ban m bit pou m bat san stipidite Demontre yo rap adkò se pa anyen Met vwa sou akò Pou demonte men tèt ak kò Menm sa k pa dakò, fè yo bouje san yo pa plenyen But now m pa pot mesaj, donk m pap ret saj Pran gaj pou m fè ego m trip menm yon fwa Wete lyon an nan kaj, menm ak laj degaje m Fè sovajri naje sou bit m anraje Twòp hit ki non chalan nan yon tandans Yo san talan e pandanstan m ap vyeyi n on barik flo kadnase Ritmik ki ap balanse pran w e fè w kadanse man Non an se zo polo, yeah! An n avanse MC ki rive Rime, yon plim kriminèl Livre l kot rit li mennen l Chire yon bit qui dit mieux? Back to the bap, back to the back bap Back to the bap, back to the bap back Back to the bap, back to the back bap Back to the bap, back to the bap back Sous-côté, ou pap konnen m, yon tarif anba gòj mwen M sou kote, m ap rap real, yon kanif yon baton man Pa panike kou m tanmen rap rèd pa lite koz kanmenm w ap dead Agripe, abrite w pou w pa abime pou w pran men w Rapè kounya ap ranmase rès ba pou makiye M ap kòche tout jouk san dout m ap met tout nan yon kriye Manje tout nan yon kiyè mete san tout nan ankriye m N a eskize m si m bosal m se desandan negriye Alòs pwoche m ap charye w hard lou m spit Pouse w rap chaje w akoupi Poze, knock knock yow rap, ouvri! Sa se zo polo ak new skills 12 ba pou montre w nan nivo m sa s on rakousi W ap jwenn rapè ak talan nan old school pa nan trap, pussy MC ki rive Rime, yon plim kriminèl Livre l kot rit li mennen l Chire yon bit qui dit mieux? Back to the bap, back to the back bap Back to the bap, back to the bap back Back to the bap, back to the back bap Back to the bap, back to the bap back