Papa! Please montre m jan pou m vanse Pa kite m tease, ease nan vi m pou m ranse M pap viv vre m vid lè m panse M bezwen gid lead rit pou m anonse Bon evènman, m nan nevèn nan Mande w sou chemen m ekate tout devèn Rete fèm, rete kwè ak tout kè w pral efase mal m te fè Rete fyè toutan lirik mwen la pou sèvi yon ta De moun ki t ap ekate sou Bon chemen an, lonje men w pou w pran m Menm si lèzòm ta epate pou Sa di lè n ap fè sadik poutan tout sa ki Chape ak konpreyansyon n fè Tèt nou pati, nou soufri mati, se tank on pati Nan nou te konekte avè w Alòs jodi a m vin devan w m vin defann yon nouvo depa Tou depan jan sa ye, plim ak kaye te toujou devan m Menm vin di w pou de bon fwa sa m pral bataye Desizyon m pran e tèt mwen sou zepòl mwen Karyè medikal mwen la m pap kanpe lekòl Presizyon m bezwen w a klere m tankou paul Lè m anvi nye egzistans ou m a kenbe pwotokòl Ede m grandi pazapa Ede m evite panik papa, please m pa kapab Fè mizik ak medsin se pa konfrè Fò m fè chwa ant fè night shift oubyen al jwe konsè Chemen w chwazi pran se youn nan sa k mal viv isit Lavi w pral divize, fè za konplè pral difisil Karyè w pral plen defisi, y ap defigire w chak vizit Men chak mizik dwe bay plezi menm si w priyorize medsin Y ap reyalize ke talan w remakab E menm si yo ta krab yo pap dakò w kenbe l anba tab Kidonk ou pa kab chwazi pou w ba yo demakaj E menm si w pa ta ka jwe live f on jan fè l jan w kapab Kenbe estabilite w tout sa k pèmèt ou ka lite Milite, mache men nan men avèk kalite Pa bliye: Desten w ou se mèt li yo pa ka rete w Menm si selon sa yo di rap ou pa ka briye E lè w pa gen tan non entansyonèlman Pwojè w ap retade ebyen fout yo yon lòt dat Yo pral di w mantè nigga fuck that! Pa koute komantè ki pral fè w stop! Mete nanm rete djanm gason m se pasyon w rete dan rete bande Tout fason rete dan, rete focus Pa desann nan nivo pete dan my man show skills Pa pretann ret tann moman pa w pou w defann ideyoloji w Fè pase mesaj rèd rap pou sove kilti tank on medsen tretan rete yon lojik