Rap espwa slogan kreyòl pozitif San rasis, san baryè Nwa ak blanch f’on sèl tankou yin ak yang Sou yon piano pou bay on melodi Ke w’ tris ke w’ pa kyè jis on not pafè Sifi pou w’ souri ke w’ chantè ke w’ rapè Mizik s’on inivè n’on inivè Yon inite ki repranzante tout sa k’ inivèsèl Vès yo repeche m’ chak fwa m’ plonje nan solitid Chak fwa lavi blese m’ m’al panse nan 2 bra ekriti 2 ba e pi plis pou m’ libere lespri m’ ranvwaye m’ isit Pou m’ rape sa k’ reyel sa m’ viv sa kl reyisi m’ Sa y’ap pwone yo pa enterese m’ pap twouble Toutan m’ ka ed’on frè pandan m’ap rap m’ pap koube M’ pap koube/ m’ pap pliye E si lavi a vay ke vay m’ kab chante Nan chak nòt yo m’ twouve, chimen nanm mwen Sa fè malgre m’ vle bay legen m’ gen rezon pou m’ kenbe Mizik sove vi m’ Reyalite a gran li fè anpil nèg pa bandi Ban m’ di w’: Okenn medikaman pa vo on bon bit K’on di scylla depi banben m’ kondisyone pozisyone m’ kote yo ekri et odisyone Avan rapè m’ se fan m’ plis tande ke m’ ekri E lè m’ di mizik sove vi m’, se vécu M’ paka konte konbyen fwa m’ tonbe an silans mizik ban m’ le bras pou m’ kanpe san m’ pat fè l’ egzijans Egzistans mwen se mizik, tèlman m’ pasyone Anrejistre 4 track nan yon jou moun konn di m’ irasyonèl Malgre tou m’ still ap vanse tande ekri panse sans cesse sanse dekri move sitiyasyon Ke kèk grenn frè ap fè fas Kèk grenn pami sila yo k’ pa pèdi lafas Donk toutan m’ nan mond sa m’ pap twouble Koz toutan m’ ka ed’on frè m’ap rap m’ pap koube Kj onthe beatboy Ekilib ekilib Perfect i see you bro Mic controller ankò