Lè kòk la chante, lè tout moun nan kabann Se lè sa m’ fèk woul’on prod se lè sa pwezi m’ pran bann Lè, tout bòbèch tenyen m’ap siveye moso zeklè Sipliye lalin moso limyè pou l’ pase ban m’ Lè, lanp lan mouri se atò anvi m’ pran vi Se atò enspirasyon m’ pran danse se atò m’anvi Ekri, lè tout zwazo ap chante bèsez m’ bèse pa yon melodi, m’ plonje nan yon bèso/ lirik Anbisyon borné m’ brusquement m’ bouske rapidement kèk mo k’ tristement boosté m’ Abouti ak on machin k’ap ekri san rezèv K’ap degennen n’on wout dechennen kòlè l’ via on zèv Eseye pridan frè m’ pap jwenn ase vinyl pou m’ defini l’ se evidan kwè m’ fè old school rap se fini E se fason sa pou m’ fasinen w’ pou anfas ou pa fonse sou mwen Fòse fose still, w’ap frustré koz sa s’on don man On ti bagay byen rapid Men m’ap sispann fè djòlè koz s’on ti bagay byen fasil Pandan gen nèg k’ap goumen pou bay m’ poze m’ap ekri Prosé rap, dekri yon art ki poze k’ap megri Donk on lòt fwa m’ pr’on lòt beat ekr’on lòt teks ke moun pap tande Yon lòt rap yon lòt ritmik de hit type? M’ pa tante Yon lòt vibe, yon lòt gimik on lòt vague on lòt mizik Boom bap, old school a vie frère m’ pap kanpe Lè kòk la chante (koukouyoukou) lè tout moun ap sonbre nan somèy Se lè sa son an soti pou sonde m’ Souvni m’ yo souye ak spèm mastibasyon sèvo m’ k’ap voye m’ veye pwezi m’ n’on konvre Sèvitid// sètitid souflete rezon m’ sètifye Ke zèv isit sèvi pa sezon Vès isi pa sifi m’ vize lorizon M’ vèsifye paske plim se sèl orezon m’ Pa jwenn limyè m’ fè zanmi ak fè nwa Sonm tankou son an e m’ kite melanj la enspire m’ Lè debachi ap bouche m’ demokrasi a koute m’ Lè vesperal pwoz se sèl pwezi m’ap respire Lè nwit pot plis mechanste ke konsèy Dyalektik tounen sèl zam pou vize koze zansèt Lè w’ bat diksyonè a nan yon vityèl konsè S’on kansè klasik donk ak konbatan w’ vin konfrè Pwoz Vesperal