Yow, sa k’ gen la a? E ou k’ perfect la? Wi, yo pale m’ de ou Monchè m’ n’on situation assez bizarre la Ou fè pati de rare moun k’ap ka konprann mwen E k’ap ka ede m’ Prete m’ on mic prete m’ atansyon w’ Prete m’ yon plume prete m’ yon kreyon Prete m’ yon kaye oubyen nenpòt sa k’ ka ekri pou m’ sèvi Depi l’ fè pati d’reyon m’ Prete m’ yon tempo men m’ lè l’ pa abòdab Prete m’ yon bèl beat men m’ lè l’ ta rabòday Prete m’ yon studio ouby’on espas pou m’ sèvi M’ prese aout rive fò m’ f’on rapò m’ bay M’ paka mande pasyans lontan sa y’ap tann mwen Omwen fòk mwen ba yo koute Prete m’ yon ti tan donc nan sa w’ dispoze Prete m’ vibe prete m’ mo koz m’ g’on bezwen presan Depi l’ resan, menm si beat la ta endispoze M’ pran twòp tan fò m’ ba yo goute Prete m’ kabin nan depi l’ pa okipe Se lakay mwen a prezan Prete m’ yon (ah!) yo, sispann takinen m’ non Poukisa w’ vle pou w’asasinen m’ nan? Ou genlè panse si m’ sispann respire w’ap ka viv poukont ou Ou pap f’on semèn non Prete m’ yon poubèl pou m’ met 4 ba sa yo Damn! S’on premye rature Sorry si m’ te hors sujet Kràn mwen s’on chantye de la littérature Jeux de mots sans arret, m’ bezwen sofa ouais Pou m’admire yo, frappe! Arret! Konbyen ide k’ touye lòt n’on brainstorming Gang story sans pareille Prete m’ yon hemisphère pou m’ ka pote yo 4 beat de secours avan m’ dekapote yo Admire teknik la Kòm an 2019 men tèt mwen la depi sou replik Prete m’ yon laptop ak 2-3 melodi Ki gen fl studio pack, sa lojik Ke m’ bezwen kèk bèl beat pou m’ pase logore m’ M’ pa bezwen hit, non m’ pa bezwen y’onore m’ Jus prete m’ 2-3 groove, prete m’ booth Asire w’ ke mic la byen solid sinon m’ap dekole l’ Prete m’ ti kal lespwa ak kèk touch Don’t worry beat ou yo pap ka detwone Prete m’ speaker pou m’ fè repetisyon M’ gen kas déjà men m’ vle tande yo byen Mastike beat avan m’ fè deglutition Important: Sinon m’ pap ka dijere yo byen Prete m’ kèk sujet pou m’ metabolize Krey’on dinasti m’ s’on jeyan k’ap grandi Anpe pen, anpe pay, m’ s’on aborijèn M’ still fou m’, m’ still fort rele m’ albert ghandi Prete m’ yon tracklist pou m’ pa pèdi nan wout Mizik gratis, sa vle di non ou Pap fè kòb avè m’ kounya Sèl satisfaksyon ke m’ ka ba w’ s’on bèl track ki nan gou w’ Prete m’ yon machine à remonter le temps M’ gen trè lontan frè depi m’ap rape M’ pral montre w’ depi kilè m’ap bouffer le son Poutan verse yo frèch kòmsi m’ fèk ap rape Ak stil rap rèd sa tout vi m’ s’on konba Sou chak beat m’ rap li tonbe an koma Poutan m’ s’on ti kal gason, m’ tou flèk M’ tou flop, m’ tou piti men frè, m’ konn rape Tandans sa cho, w’a envite yo Vin tande sa k’ rap w’a endike yo Ke m’ nan site a kay redjee ak perfect M’ prete kèk beat pou m’edike yo Yeah! Hm hm Wi, si toutfwa sa posib w’a fè m’ konnen Evre? Ebyen ok bro Respè wi frè, m’ap tcheke w’ semèn pwochèn Kèt! Fò m’ ta rele fenelus wi Yo, m’ale wi baz