Continúa después del anuncio

    Yèswa m eseye dòmi
    Poutan je mwen te rete louvri,
    Lespri m te chaje kesyon
    M pa t kapab jwenn
    Pyès solisyon:
    Kibò lavi mennen m?
    Èske m ap viv
    Pou m wè demen?
    Pafwa m mande yon ti kore
    Fè m santi w pi pre, BonDye

    ... Pou mwen poze
    Tèt mwen sou zepòl ou
    Pou mwen fouye
    Pi fon nan Pawòl ou
    Tanpri souple
    Pa kite m mache
    Lwen volonte w

    Continúa después del anuncio

    M ap toujou sonje
    Pwomès ki di
    W p ap janm kite mwen
    Poutan mwen konnen
    Byen plezi kapab
    Rale m byen lwen w
    Men w ap toujou
    Tou pre m – erè, betiz mwen korije
    E plas mwen toujou
    Rezève nenpòt kilè m t a deside
    Chorus
    ... Pou mwen poze
    Tèt mwen sou zepòl ou
    Pou mwen fouye
    Pi fon nan Pawòl ou
    Tanpri souple,
    Pa kite m mache
    Lwen volonte w, volonte w

    Kite m poze tèt mwen
    Sou zepòl ou
    Kite m fouye pi
    Fon nan Pawòl ou
    Tanpri souple,
    Pa kite m mache
    Lwen volonte w
    Pa kite m mache
    Lwen volonte w
    Pa kite m mache
    Lwen volonte w
    Pa kite m mache
    Lwen volonte w
    Pa kite m mache
    Lwen volonte w

    Pa kite m mache
    Lwen volonte w

    Información de la canción

    Composición: Carly Joseph

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión