Atò, sou Facebook la se twòp atò
Twòp diskriminasyion atò
Koz tout moun soufri atò
Atò, sou Facebook la se twòp atò
Noun ou sal, se pajodi atò
Di m ki lè wap chanje rout
Mw te kwè nan ou, se ou m tap swiv
Lè m vizite paj ou m wè se deriv
Mw te kwè nan ou, pou ede m grandi
Jodia m wè m t ap bay tèt mw manti
Poujwenn respè fòw poze (poze, poze)
Sispann degrade w, sispann denigre
Nan lavi sa fòw poze (poze, poze)
Se vre zen an vin frèt, men tout pòs yo rete
Ekzajere, w ekzajere, w (ekzajere)
Pa poze, w pa poze w pa poze vre
Se ou k fè yap pale w mal oh, oh
Ekzajere, w ekzajere, w (ekzajere)
Pa poze, w pa poze w pa poze vre
Se ou k f}e yap pale w mal oh, oh
Sa fè lontan de je m sou ou
Sa fè kèk tan map swiv ou
M pa wè anyen pou m kopye
Menm erè yo kap repete
Poujwenn respè fòw poze (poze, poze)
Sispann degrade w, sispann denigre
Nan lavi sa fòw poze (poze, poze)
Se vre zen an vin frèt, men tout pòs yo rete
Ekzajere, w ekzajere, w (ekzajere)
Pa poze, w pa poze w pa poze vre
Se ou k fè yap pale w mal oh, oh
Ekzajere, w ekzajere, w (ekzajere)
Pa poze, w pa poze w pa poze vre
Se ou k fè yap pale w mal oh, oh
Si m te konn sa, m pa t ap monte bato w la
Rezo w plen twou, m te wè l twò ta
Ou mete m sou lanmè pou m nwaye
M soti ladan l, m ap naje fò!
(Ou lakoz anpil divizyon)
(Pouki se moun sa-a menm ou ye, machann zen, machann zen!)
(Tan pou ta fè bagay serye wap fè zen, kreye zen)
(Pouki se moun sa-a menm ou ye, machann zen, machann zen!)
(Tan pou ta fè bagay serye wap fè zen, kreye zen)
M pap fè wout sa, (wout sa!)
Non m pap fè rout sa
(Non m papa fè wout sa)
Jan m wè w sou rezo a
Non m pap pran wout sa
Non m pap pran wout sa
(Rout sa)
Non m pap pran wout sa
(Non m pap fe wout sa)
Jan m wè w sou rezo a
Non m pap pran wout sa