Bay Bondye Yon Beat

Baky

    Continúa después del anuncio

    Met limyè sou mwen
    M vle pou rap kreyòl resevwam janm ye a, pa bezwen mete filter sou mwen
    Leternel vide Siksè sou mwen
    Kòm Lèzòm paka blokem, so yo lage nan fè Rimè sou mwen
    Manti al rapid, verite konn pran tan
    Map toujou responsab sam di, men fwa sa m’anvi fè’w konprann
    Defwaw ka chanje rad, men yon rad pa dwe chanje’w
    Sak fè’m fè rap ap rete epi chante ap ret chante (Bref)
    Nap fèl pou lajan, fuck koutwazi
    Ant sa’w renmen ak sa’w bezwen, se sa’w bezwen an pou’w chwazi
    M ka chwazi fè’n ri menm Pa yon blag
    Tan pou’m al esklav nou anwo, twòp ògèy, m ta prefere al viv kon Wa anba
    Map kouri fon lòt si’m wè sa pa mache

    M son nèg kap chache pèfeksyon pandan pèfeksyon pap chache’m
    Yo mete kwa pou rapè, m pran kwa’m mete’l sou do’m
    So’m pap dakò chita atè si’m wè bouda lòt yo sou trone
    Yap met pyèj, e menm yo menm tonbe nan twou an
    Kolonel dil pa gou nan djol, moblije chanje gou an
    E pou nou’k tap tann retou an (Rapè)
    Imajine yon Baky 10 fwa pi fò ke janl te fò lè’l te pi fò ke nou an
    Premye rapè ki jwenn manda nan tiye beat
    Moblije raplen kiyes mwen ye kek nan nou bliye vit
    Tandiske nèg yo fè plan pou livre’m
    Yo pap rive
    Gen nèg ki ta byen vle reponn men Yo pa gen pwa beef vre
    M konn replik mwen yo ka twòp

    So’m pa fokis sou sa Sa yo di
    Lè’m fè 8 yo pa dakò
    Lè lòt fè 4 yo aplodi
    Tout nèg vle mete’m anfas
    Sak anba dwe ret anba
    Di yo nèg Okay pa konn lach so Yon konba ret yon Konba

    Continúa después del anuncio

    E’m pap janm kite Rap, se li’m pran pou Metye
    E tant defi pi gwo, se tant mwen map pran plezi pou leve’l
    Vrai Definisyon Atis Pèp
    M pa pè menm Jay Z sou Track, Komanw ta kwè Baky ta pè Blaze one ak Krispèk
    Montre moun siksè’w, Lap Krache sou efò’w
    Nou di’m pa fò, rap bese, why se mwen’n rele pou ranfò

    Twop sijè ke’n paka trete
    Twop raketè
    Frèm non’w HMI de chawa pete
    Si gon Wa son Wawa wewe

    Men pouki se mwen’n rele pou ranfò

    Respect
    Atis pèp
    Krispèk
    Ranfò

    Si pi gwo hit se kk kenbe
    M paka
    Gon lot sijè
    Frèm non’w HMI de chawa pete
    Si gon Wa son Wawa wewe
    Si’w pa dakò, m Fè plas au Debat
    M wè Tout fo pwofèt vle pran plas Omega
    E nèg Zokoko yo te fou, Si nonw konfli, yo pron’w zonbi met anfas KOUDETA
    Roody yon jou fò’m ta call ou
    Koz m suspek siksè fè tet ou vin two gwo pou epaul ou
    M vle vin palavè’w just pou’w pa pedi wout
    Gran frè, Wè moun anvan kob sinon kob ap fè’w pèdi moun
    Dayè rap kreyol pa gen twop
    Sak pa genyen pa sòt
    Comme a dit Youss, nou pa rich, nou just kèk malere ak kob
    Maprann Kreye plas pou’m pa Bezwen Plas lòt
    E’m kwè si’w egziste toujou, Se paske game sa still bezwon maskòt (Miaww)
    Donk Pou’n te wè’m fò, fom Tal antre nan beef
    Si’m tap swiv nou, m tap Tonbe nan Vid
    Se pou sa nan mond mwen poukòm, m pap chache konpetisyon, sinon’m tap just bay Bondye yon beat

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión