Met limyè sou mwen M vle pou rap kreyòl resevwam janm ye a, pa bezwen mete filter sou mwen Leternel vide Siksè sou mwen Kòm Lèzòm paka blokem, so yo lage nan fè Rimè sou mwen Manti al rapid, verite konn pran tan Map toujou responsab sam di, men fwa sa m’anvi fè’w konprann Defwaw ka chanje rad, men yon rad pa dwe chanje’w Sak fè’m fè rap ap rete epi chante ap ret chante (Bref) Nap fèl pou lajan, fuck koutwazi Ant sa’w renmen ak sa’w bezwen, se sa’w bezwen an pou’w chwazi M ka chwazi fè’n ri menm Pa yon blag Tan pou’m al esklav nou anwo, twòp ògèy, m ta prefere al viv kon Wa anba Map kouri fon lòt si’m wè sa pa mache M son nèg kap chache pèfeksyon pandan pèfeksyon pap chache’m Yo mete kwa pou rapè, m pran kwa’m mete’l sou do’m So’m pap dakò chita atè si’m wè bouda lòt yo sou trone Yap met pyèj, e menm yo menm tonbe nan twou an Kolonel dil pa gou nan djol, moblije chanje gou an E pou nou’k tap tann retou an (Rapè) Imajine yon Baky 10 fwa pi fò ke janl te fò lè’l te pi fò ke nou an Premye rapè ki jwenn manda nan tiye beat Moblije raplen kiyes mwen ye kek nan nou bliye vit Tandiske nèg yo fè plan pou livre’m Yo pap rive Gen nèg ki ta byen vle reponn men Yo pa gen pwa beef vre M konn replik mwen yo ka twòp So’m pa fokis sou sa Sa yo di Lè’m fè 8 yo pa dakò Lè lòt fè 4 yo aplodi Tout nèg vle mete’m anfas Sak anba dwe ret anba Di yo nèg Okay pa konn lach so Yon konba ret yon Konba E’m pap janm kite Rap, se li’m pran pou Metye E tant defi pi gwo, se tant mwen map pran plezi pou leve’l Vrai Definisyon Atis Pèp M pa pè menm Jay Z sou Track, Komanw ta kwè Baky ta pè Blaze one ak Krispèk Montre moun siksè’w, Lap Krache sou efò’w Nou di’m pa fò, rap bese, why se mwen’n rele pou ranfò Twop sijè ke’n paka trete Twop raketè Frèm non’w HMI de chawa pete Si gon Wa son Wawa wewe Men pouki se mwen’n rele pou ranfò Respect Atis pèp Krispèk Ranfò Si pi gwo hit se kk kenbe M paka Gon lot sijè Frèm non’w HMI de chawa pete Si gon Wa son Wawa wewe Si’w pa dakò, m Fè plas au Debat M wè Tout fo pwofèt vle pran plas Omega E nèg Zokoko yo te fou, Si nonw konfli, yo pron’w zonbi met anfas KOUDETA Roody yon jou fò’m ta call ou Koz m suspek siksè fè tet ou vin two gwo pou epaul ou M vle vin palavè’w just pou’w pa pedi wout Gran frè, Wè moun anvan kob sinon kob ap fè’w pèdi moun Dayè rap kreyol pa gen twop Sak pa genyen pa sòt Comme a dit Youss, nou pa rich, nou just kèk malere ak kob Maprann Kreye plas pou’m pa Bezwen Plas lòt E’m kwè si’w egziste toujou, Se paske game sa still bezwon maskòt (Miaww) Donk Pou’n te wè’m fò, fom Tal antre nan beef Si’m tap swiv nou, m tap Tonbe nan Vid Se pou sa nan mond mwen poukòm, m pap chache konpetisyon, sinon’m tap just bay Bondye yon beat