Apresye sa

Barikad Crew

    Continúa después del anuncio

    Nou pati) Nèg pa ta renmen wè pozisyon w chanje
    (E pa manti non fre m) Fò w ta nan problèm (Ou konn sa ou konn sa)
    Pou y ap voye w toutan (Ou konn koman baay yo ye, man)
    Si yon jou, ou refuze y ape peuzew (Y ap fè w pi red man)
    Piti vrèman pa janm grandi anba gro
    Aprann apresye! BC!

    Rap saw wè la pa pou vann, nou fèk pran bann e n pap voye
    Trak sa fè sa w vle pou prann, nou mèt bwè kann nou pap tonbe
    Vle touye kèk grenn nan nou, deja n gen rasin k’ap pouse
    Vle brouye pèp kwè nan nou, djegamenn machin sa pouse
    Kou Siksto te di sa: Plis se bandi k fè baryè ladwann
    Kwè m siw vle zanmi ogranjamè sa pap rive nou, sann
    Apresye pozitivite, pa rejte negativite
    Lèw fin analize tou de wap di se vre yo konbine
    Frè m, granmèt la k t ap fè byen pou lajan Jida trayi l
    Vide yon ti siwo atè w ap wè fomi k anvayi l
    E nou menm Team Barikad, kisaw panse mechan ta vle n ye?
    Okontrè, si se pou yo, yo ta vle sèvo k bon varye
    M ap parye menm sak nan sen yo mal yo pale
    Pandan nan kwen kay yo fatra fè pil, yo pa janm bale
    Tankou ti Etzè te di, entèlektyèl pa dwe limite
    Grangou tiye vè w ka di entèl rebèl pa vle limite

    Tout sa k ap mache pale n mal
    Mannigèt manman!
    Pa janm fè anyen ke yon dal
    Se mannigèt manman!
    Tout ti pale, yo voye vin pyeje nan blòk nou, nou pa pè, nou tèt frèt, se Barikad Crew!
    Se mannigèt manman!
    Kòman w vle touche san travay!?
    Mannigèt manman!
    Nan nich ou yo pral gaye pay!
    Mannigèt manman!
    BC fèw egri, pussy, fake MC, nou busy, tout sa se
    Mannigèt manman!

    Continúa después del anuncio

    Pafwa n konn rete, n bloke n on tèks
    San fwa n fè n pèmèt nou g on fason pou n prouv on bon tèks
    Chak jou selebre Ipap nan lakou n
    Anba lapi katouch, rap nou toupatou, patou
    (Ak Fred) Nou met disiplin nan mitan n wa di se Castro
    Tank on sòlda k pral nan lagè k sansib pou kas yo
    Andepi de tout sa yo siksè n bay pwoblèm (Pouki!?)
    Sitou lè w n on stad kòm nèg projects k’ap fè pwogrè
    Nèg pa ta vle wè w gen papye, poutan fò w toujou anba pye
    Chach on pozisyon pou w sòti, pou w pa ret grate santi
    Ak banm afè m nou fè de jenerasyon rankontre
    Non, non Dade! G on seri de moun pou yo fò n ta efondre
    Pou nenpot bil rim
    Pwa kò n, sèvo m rete fikse
    E lpap varye menm lè yo ta ban n lajan ak kokayin
    Nan dlo sakre sa fouye men w, pa di apre y ap fouke w man
    Depi nou la nap jayi panse, defann sa si w se man

    Tout sa kap mache pale n mal
    Mannigèt manman!
    Pa janm fè anyen ke yon dal
    Se mannigèt manman!
    Tout ti pale, yo voye vin pyeje nan blòk nou, nou pa pè, nou tèt frèt, se Barikad Crew!
    Se mannigèt manman!
    Kòman w vle touche san travay!?
    Mannigèt manman!
    Nan nich ou yo pral gaye pay!
    Mannigèt manman!
    BC fè w egri, pussy, fake MC, nou busy, tout sa se
    Mannigèt manman!

    M konprann gen de moun ki pa vle apresye efò m
    Men kanmèm ak BC Izolan platnòm
    Ki moun ou panse k rayi nou
    Se pwòp nèg nou konn abitye tiye vè nan vant yo lè yo grangou
    Avan yè m bò lamedsin, m voye je m nan koulwa a
    M wè yon bennzawa, k ap rakonte yon fo istwa
    Sa pa ni etone mwen
    M konn abitye fè moun sa yo lave figi yo ak swè mwen
    M pa wè rezon pou w rayi m pandan w wè m ap mennen
    Eske w konn kanpe avè m lè w te wè m t ap trennen
    Si jodia m fè siksè nan zòrèy tout moun
    ‘E paske m kenbe tanperaman m tankou manman m Foufoune
    Sa k ap tande m ki panike n pa bezwen fristre
    Djòs rete cool, lache lespri n, kite tèt bouje
    Sèlman pa ban m respè konminezon
    Devan byen dèyè mal, apre sa pou pa ban’m pwazon

    Tout sa kap mache pale n mal
    Mannigèt manman!
    Pa janm fè anyen ke yon dal
    Se mannigèt manman!
    Tout ti pale, yo voye vin pyeje nan blòk nou, nou pa pè, nou tèt frèt, se Barikad Crew!
    Se mannigèt manman!
    Kòman w vle touche san travay!?
    Mannigèt manman!
    Nan nich ou yo pral gaye pay!
    Mannigèt manman!
    BC fè w egri, pussy, fake MC, nou busy, tout sa se
    Mannigèt manman!

    Ha-ha! Ha! Ha! Ha! Ye! Ye! Pale mal
    Ah! Lapriyè jouda. Kritike, denigre men a difisil nigga
    BC for Life! 20 trak nan fif ou
    Baay yo pa fasil
    Pa gen kraze ling defans la menm! Syèl la pa piyay! (Bè!)

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión