Nou Di Non

Barikad Crew

    Continúa después del anuncio

    Ayiti, nou pap kitew peri anba vye demon (jamè, jamè!)
    Nou pran pozisyon (ye!) nou di non! Non!
    Encore et encore et encore! (Yeah! Yeah!) pi real, pi lou, pi fò
    (Yeah! Yeah!) nan silans, nou travay san pèdi sans (ya heard me?)
    Ayisyen, nou konn sa li ye deja: BC!

    Mizik se lonbraj, yon bagay ki entouchab
    Tout moun ka wè aklè, fyète peyi a n’gen touch la
    Nou goumen anpil nou dwe, sou fèy la pou nou bay mo
    Arestasyon ilegal pap janm fout fè nou bay do (woo!)
    Sponnsò dil pap bay non paske ipap an gè (shit!)
    Ale di papaw se pa vre si'l tande ipap an bès (this is bullshit!)
    Yon ganstè, yon vagabon te di: Fò nou kenbe, kenbe, kenbe
    Aktè kenbe menm lè ipap an gè

    Menm jan n’pran jòf nan fanm mal chita
    Nou pran blòf nan men chèf deta
    Filozòf yo mèt ale, ka katastrof nou pi anreta
    Nou se yon pakèt bannann mi wo plase, yo se dan pouri
    Nou se gachèt nan fizi e yo se dwèt ki pou use li
    Sa fini! Non, granmoun se sa nou tout dwe di
    Nou di non! Nou tout fè youn se sa k ap bay lavi
    Peyi a koronpi, pèvèti, lamoral fin pèdi
    Jodia je n louvri, nou pap bouche nen n pou n bwè dlo santi (evre?)

    Nou di non!
    Peyi a pa pou vann
    Non!
    Nou pran nan pa konprann bouke ret tann otorite se pa nou yap defann
    Nou di non!
    Manje pa janm desann
    Non!
    Pa gen travay pou fanm, nou refize met tèt ansanm, lekòl tounen savann

    Si nou vle pou sa chanje
    Pa gen chita gade lite pou n avanse
    Echèk pap fè n dekouraje
    Fò n pa pè afronte baryè k drese nan sosyete
    Kilti sèl zam nou rete se li k pi neglije

    Continúa después del anuncio

    Aplike la lwa nou la pou sa men pa lote jistis pou vann
    Enjistis sa vle di lèw pran rezon m pou revann
    Twòp pou lajenès, kriz sa pou nou vle di detrès
    Nou gen twòp mèt, peyi a gen twòp metrès
    Li poko janm twò ta pou n di n bouke wè fatra nan lari
    Li tande blow moun mouri, moun paka pran lari (an!)
    Pa bay divizyon plas poul antre nan kè nou
    Sinon n ap toujou anfas moun yo ki se frè nou

    Nou di n granmoun, n paka fè anyen san n pa jwenn lòd
    Anpil konbit politik, pou yon plas youn pa vo lòt
    E n gen tout kriz (i&i) yon sosyete n dwe chase tout salte kou pis
    Gen paran k gen pitit fil s on komès poul rich
    Pwoblèm sa yo vin koz, konsyans nou revòlte
    Ki fè nou di non gen bagay nou pap aksepte
    Fè konnen tout sak pa bon se ayisyenn ki ka pote l
    Ban n zannanna pou sizann fo doktrin sa fò’n kapote l

    Nou di fòk vyolans lan sispann (sispan)
    Fòk gen lekòl pou tout moun aprann, nou vle
    Yon chanjman pou frè n yo, yon chanjman pou sè n yo
    Dwe gen lafwa pou sa chanje, nou di non

    Pon

    Menm nou menm ki lajenès, nou pa gen moun ki pou defann nou
    Lè nou vle revandike, yo pran pòz yo pa konprann nou (non!)
    Lè nou di sa nou wè, sa k fè nou mal
    Sa ki fè n pè, zak ki pa nòmal
    Komanw ta vle yon jèn fi dizwitan ap okipe pwòp fanmi l
    Tandiske l entelijant, li te ka prepare avni l
    Patron depanse pou manmzè l, fanmi gentan ba l bèl akèy
    Men yo pat panse dèyè l (elas!), te gen yon gwo sèkèy

    Voye je n anlè gade, anpil malè k pandye
    Nèg se sandal fant zotèy epi ak chèn nan pye (tchitchiman!)
    Pouki grannèg fè mal, yo gade yo: Non bay lòd
    Men kou se malere, yo di bare yo! W anba kòd?
    Rap kreyòl rete paskem wè wap bay danje
    Nou pa menm gen kòb nan men l e lòt tandans yo vle manje n
    Kiyès ki responsab? (Nou menm?) ki pou pale nan sa
    Ki moun kap di non paske nou pap ka ret gade konsa

    Pon

    O! Aleyouya! Se sa yo ta renmen k kraze a (en-hen!)?
    Nan tcm nan manmi! Bondye pi fò ya bare l (non!) epi n pa bon non, man!

    Si nou vle pou sa chanje
    Pa gen chita gade lite pou n avanse
    Echèk pap fè n de kouraje
    Fò n pa pè afronte baryè k drese nan sosyete
    Kilti sèl zam nou rete se li kpi neglije
    Nou di non!

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión

    Canciones relacionadas