Tèt frèt

Barikad Crew

    Continúa después del anuncio

    M-mande-w granmèt anba zèsèl ou pi fon pou ou kache-m
    E mwen pap nye-w se volonte-w sou nenpòt sak ta rive-m
    Si lavi-m ta gen obstak se ou k-mete-m nan eprèv
    Ou met kwè m-pap fè bak li ta mèt menm nan yon rèv
    M-pap opsede de anyen
    Ni m-pap sede pou anyen
    Paske depi-m te fèt m-pat jwenn fanmi-m posede anyen
    Menm lè bato-m a la derive se pa twal vwal li-k pouri
    Tafyatè dòmi nan gildiv kleren pou bouch li santi (tchek)

    Pou surviv fòk ou fight ak tèt frèt do it right
    Men si lavi ap mal mennen-w dignite-w kenbe-l high
    Konn ran-w pou zanmitay ke ou konnen-w ou konn li tight
    K-pap etone pou yon pla fritay
    Ambisyon kondisyon pa-w solusyon m-met rete la
    Byen materyèl pa al nan syèl sou de zepòl ou ret tèt drèt
    Sa son fòmil pou viv tèt frèt fier d'être kontante-w a
    Sa ou genyen fòk ou konnen pa-w pou renmen
    Si la vi-a mare ren ou kris te trennen anba jwuif romen
    Pa pè soufri piga-w lese ale vi pa-w
    Lè sa nan vi pa-w nèg pap file-w tankou ti kap
    Wap apran viv ak yon ti kras
    Tankou lanmè wap anti kras
    Lign defans ou pap andikap
    Wap sansib pou back ou tankou exzamen back tou
    Tankou-w te gen glack tou presye kou Barikad Crew
    E lè sa tout sa wap fè nan vi-a wap fè-l tèt frèt tèt drèt yo
    Pa pè yon moun kap mennen Jezi-k konnen

    Gad
    (Wi chèf)
    Gad
    (Wi chèf)
    Vinn di-m si nou kwè nap viv jan-n vle-a
    (Non chèf)
    Nou fyè
    (Wi chèf)
    Nou fò
    (Wi chèf)
    Menm lè lavi-a ap fout nou frèt
    (Ret tèt frèt)
    Gad
    (Wi chèf)
    Gad
    (Wi chèf)
    Vinn di-m si nou wè nap viv jan-n vle-a
    (Non chèf)
    Nou kwè
    (Wi chèf)
    Nou konn
    Menm lè-n ta tonbe atè frèt
    (Ret tèt frèt)

    Continúa después del anuncio

    Gan bòks kap nan de men-w pou-w ka fight ak lavi-a
    Pran fòs panse ak demen-w pou-w ka tight ak sa ki high
    Koz ou konnen pa gen anyen-k fèt fasil G
    Men-m lè-w pa feel li
    M-kwè-l ka vinn pi di
    Ou konnen dog se sak lavi
    Prensip lan pa egri blood de sa kap jwui
    Kenbe tèt ou pandan wap travay pi plis yo
    Ret tèt frèt tou pandan wap bay sa ki jis yo

    Ou pa gen sou moun pou konfye
    Lè zak ou pran monte pa pil
    Menm bagay yo byen dè dèyè dò-w (dò-w) Conda∑
    Pròp fanmiw -w, pròp zanmi -w, ata fanm ou dèyè blow (blow) Conda∑
    E byen ret tèt frèt, tèt drèt
    Granmoun ak sak fèt ayè
    Si-m di a∑ pou tout sa yo fè-n
    Se sa kap fòse-n boure menm lè gou bouch nou amè
    Di sa ou gen pou di a ou ka vire dò-w
    Koz latou ou ka achte-l sou wè-l vo pri-a
    E menm lè saw ap fè a ta bay degou (tèt frèt)
    Poch goch ou plis poch dwat ou egal de trou (tèt drèt)
    Pa kit'anyen detounenw
    Sof nan saw kwè a se mete men
    Nan vizaj ou se mete nen
    Demen lè yo di kiyes sa moun pap baw tan pouw di se mwen
    Ou konn pouki nan simityè nou pa wè yo ekri brav
    Se paske moun kap ekril la just pa ekril gay
    Sò-w wè Barikad montre-n se pa pou sèl manje l-ka debat
    Lang nan bouch ou li dwe bat
    Si se pou defann koz ou Boukan ou menm si tou ki se black
    J banm di-w menm lè ou pa rapè refren an deyò-a an eseye di-l

    Holla! Ak tout nèg kap rele aba a tout règ
    Mache tèt bese pou bese tèt moun so malè a ou tou rèèd
    Ke bezwen disi ba fi-n pa vinn rann avèg
    W-byen gwo w-byen gra men poutan nan lespri-w ou mèg (mèg) (mèg) Fantom∑
    Aprè Bondye te ba-w lavi
    M-ta renmen-w di-m
    Ki sa-w pat jwenn ke-w pat ka fè
    Latè-a la dog pou ou tou li se yon règ frè
    Pi plis ou aprann plis wa konprann
    Sèvo-a vo sa-l rann
    Depi jodi-a jamè wa va jire ke jenou-w pap pliye
    Menm jan nan kou-w yo pap mete
    Okenn chenn menm lè lap briye
    Di-w pap bliye kiyès moun ou ye nèg ki pap sipliye
    Ki pap repliye lè-l fas o devwa nan nenpòt deal li ye
    Konn sa tan pou black ta viv konsa n-ta prefere
    Fè tapajè e menm mouri tou
    Nou ka pa gro gason men nou vanyan tankou kirikou

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión