Continúa después del anuncio

    Yon ti moun ki nan lari
    Fasil demen sòti
    Yon danje, yon ka pèdi
    Ti moun yo
    Se piti’n piti men nou pa pitimi
    Demen lè’n grandi se nou k’ap ranplase’w papi
    Ou byen wè’n piti, pa abize’n tanpri
    Pa gen peyi san yo, prepare yo
    Se kreyòl mwen pale
    Yon pi gran met zam nan men yo
    Yon lòt met fumen nan nen yo
    Men ti baka pran lari
    Ti moun yo
    Se pa sa n’anvi, men nou dwe obeyi
    Wete’n nan lari se pa kote timoun grandi
    Levasyon tchovi, se levasyon peyi
    Pa gen peyi san yo, prepare yo
    Se kreyòl mwen pale y’a rele

    Continúa después del anuncio

    Ti moun yo
    Nanou ninone (2 fwa)
    Nanou nino
    Sa’k lijanboje ki pa vle chanje
    Y’a jwen sa yo vle
    Se kreyòl yo pale
    Jodi timoun yo nan men nou
    Demen gran moun nou nan men yo
    An nou prepare yo
    Pa gen peyi san yo, prepare yo
    Se kreyòl mwen pale y’a rele

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión

    Canciones relacionadas