Sa Nou Fè!

Beethova Obas

    Continues after the ad

    Sa nou fè n’ap peye
    Ki kalite lè n’ap respire
    Ban’m rele manman
    Jouk tan’oun moun reponn mwen
    Lafumen ap monte nan tèt mwen

    Bagay la gate, dechè ap monte
    Synthèse aromatisée kisa n’ap manje
    Mezanmi!

    Y ap chèche’oun kote ki soudevlope
    Yo san responsablite, nou tout’ pwal peye
    Mezanmi!

    Continues after the ad

    Sa nou fè manman n’ap peye
    Sa y’ap fè pote ba’n manje!!!

    Couche d’ozone nan krake
    Pol yo rechofe n’ap inonde
    Co2 manman
    Pollution anraje
    Hormone nan tout’ sa n’ap manje

    Kisa y’ap kreye kisa y’ap klone
    Ogm kansè bare’w, se manje’m, m’ap manje’w
    Mezanmi!

    Kisa y’ap chèche, ki kote’n pwale
    La science dwe ede’n vanse, pa ede’n krake
    Mezanmi!

    Song details

    Composition:

    Did you see an error?

    Enviar revisão