Anba pye mapou a wandali se leman (2 fwa) Menm lè’m nan dòmi, lè m’ap reve Se Wandali m’ap love, tèt mwen chaje Bò bougenvilye a li di’m sizè tapan Sou gwo wòch galèt la m’ap tann li tou dousman Depi van soufle kap mwen monte Se mètrès grandou’m nan ki pral rive Wandaly fè solèy kouche Menm Lalin panike Wandaly klere Lòt jou nan rivyè a nou t’ap tire lobe Wandali parèt menm lè a jwèt la gate Pye wandali bèl an verite Se nan plas rivyè a m’santi’m ta ye Anba pye mapou a Wandali se leman Grandou’m pran nan van, se nou de’k pran nan leman Nou rive nan syèl pi pre bon Dye Kot van lanmou sèl ka pote’n ale