Alleluia Amen!

BIC Tizon Dife

    Continúa después del anuncio

    Alelouya
    Amen

    (Aaaamen) An an
    Se pa mwen k renmen Bondye
    Se Bondye ki renmen m
    Mwen pa gen pwoblèm ak asanble
    Men Legliz la se mwen menm
    Si papa m se Wa, pou ki w appreche m 'la pauvrete'
    Nan yon espas beni pa ta dwe gen plas pou pòv rete
    M pa Pastè, m pa Predikatè, m pa Pè, m pa Djak
    M pa Misyonè, m pa yon sèvitè m pa yon pip tabak
    M reyalize nan kèk kout 'béni soit l'Éternel'
    Gen kretyen k pa renmen Bondye
    Yo jis ta renmen al nan syèl
    Jida fè byen pou Kretyen
    Kretyen pa konprann Jida
    Yo pale l mal men, Frèzesè, ki lè n ap kite jouda
    Labib mande pou nou renmen
    Menm sa k rayi nou tout tan
    Sou ki baz biblik nou rayi Satan
    Nou aprann Kretyen pou yo pè richès
    Nou aprann yo pou yo pè lajan
    Nou aprann yo viv ak minimòm manje, dlo glase sèlman
    Si yon semèn w al nan jèn 5 jou sè ke w priye twòp
    Kretyen w bezwen travay pou w fè lajan
    Depi se lajan pwòp
    Paske pou achete yon Bib ou bezwen lajan
    Yon 'chants d'espérance' ou bezwen lajan
    Pou bay Ladim nan asanble a ou bezwen lajan
    (Alelouya) Pou vizitze Jerizalèm ou bezwen lajan
    Si w di m richès ap anpeche w sèvi Bondye Nòmalman
    M ap di w Bondye pat gen pwoblèm ak richès Wa Salomon
    Li pa yon pwoblèm pou yon kretyen posede anpil lajan
    Pwoblèm lan se si se lajan k posede w

    Alelouya, alelou
    Alelouya, alelou
    Alelouya, alelou
    A aaa amen
    Alelouya, alelou (Alelouya)
    Alelouya, alelou (Alelouya)
    Alelouya, alelou (Alelouya)
    (Amen amen) A aaa amen

    Continúa después del anuncio

    Yon Bondye k pa marye ki fè Jezi ki pa marye nonplis
    E ki ba nou yon Pè ki pa marye pou marye nou anplis, biza
    Menm jan ak yon Pastè k ap ankouraje nou marye
    Men si n pa gen lajan nou pap ka marye ak pitit li
    Kretyen, pandan w ap ouvè je Payen fòk ou kale je w
    Konbyen fwa w te gen azoumounou pastè a te vin lave je w
    Sispann jije fidèl sou prezans yo nan asanble a
    Lè pa gen sèvis ou ka sezi wè sa yo sanble a
    Mwen tèlman renmen Bondye
    Mwen pa ka renmen 'la religion'
    'La religion' anpeche m sèvi Bondye
    Kidonk mwen depoze 'la religion' atè
    Men jan ak kèk pwofèt Tizon Dife gen yon misyon sou latè
    Se sa k fè m vin ouvè je w sou kèk Pastè, kèk ministè
    K ap mande w pou ret pòv pandan yo posede tout bagay
    Di w byen materyèl pa nesesè men yo posede plizyè kay
    Yo mande w Ladim chak mwa, plizyè Lakòlèt nan yon sèl sèvis
    Anvlòp pou konstwi tanp la men yo pap janm ede chache travay
    Si Juskaprezan chak jou w ap priye pou yon plat manje
    Ou g'on pwoblèm 'bien-aimés', degaje w rezoud li ak Bondye
    Bondye kreye latè ak tout richès li pou n ka banbile
    Si w pa ka manje, gen lè se ou k pitit Djab gen lè w deja boule
    Nou vle fè m pè Bondye oh wi m pral nan Lanfè
    Kretyen pi pè Pastè pase Bondye ala zafè!
    Nou ipokrit menm antrenou nan asanble a
    M pa ta sezi si n ap pale mal Tizon Dife a
    M ap viv yo vi mwen renmen yon vi Bondye apwouve
    N ap viv yon vi nou pa renmen nou vle se Bondye ki pou chanje l'
    Bondye ba w lavi, li baw sante ki sa l te dwe w ankò?
    Chita tann tann Bondye
    Lè w mouri, w a viv ankò
    Kè m ranpli ak Bondye
    M pa gen plas nan kè m pou m rayi lèzòm
    M tèlman gen Bondye bò kote m
    Lè m gad nan glas m wè plis pase mil 'hommes'
    Manman, w a padone m si m pa chita nan yon asanble
    Misyon pa m se sou teren se ' brebis égarées' yo m'ap rasanble
    ApreDye, se ou k ban m lavi men se Bondye ki deside
    E L deside m se yon powèt ak yon pwezi k pap desoude
    Ou tande
    Si Bondye fyè de mwen
    Pou ki Legliz boude
    Dayè, aprè 'Gospel'
    BIC se yonn nan atis yo ka tande

    Alelouya, alelou (Alelouya)
    Alelouya, alelou (Alelouuuu)
    Alelouya, alelou
    A aaa amen
    Alelouya, alelou (amen, amen)
    Alelouya, alelou (amen, amen)
    Alelouya, alelou (amen, alelouya)
    A aaa amen

    Si deyò w bèl, pwòp epi anndan w sal
    Ou gen pwoblèm
    Paske ou se egzateman definisyon Matye 23 vèsè 27 (amen)

    Alelouya, alelou
    Alelouya, alelou
    Alelouya, alelou
    A aaa amen
    Alelouya, alelou
    Alelouya, alelou
    Alelouya, alelou
    A aaa amen

    Si w nan yon asanble pou 'la forme'
    Se kòve w ap fè
    W ap pèdi plezi ki nan mond sa
    W ap pèdi lavi ki nan lòt vi a
    Kidonk w ap pèdi de a zewo
    Avan match lavi a fini
    Deside w, 'bien-aimés'

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión