Lage Cha

Charlin Bato

    Continúa después del anuncio

    Menm sim m renmen w m pap ka kitew fè m saw vle
    Santiman m pap vin ba w pase anba pye
    M te padone w yon kantite fwa
    M te ba w tan pouw ka change sa
    Siw pa konprann mwen m pap gen le chwa
    Ti respèm nan m sansib pou sa

    M ap lage cha manman
    Lage lage lage
    M ap lage cha manman
    Ale ale ale
    M ap lage cha manman
    Lage lage lage
    M ap lage cha manman
    Ale ale ale

    Gial gial ou fè m panse m te genyen best wife
    Men w chita la w'ap plede waste time mwen
    Ou fèm panse m te valide
    Pou sa w fè m andire fow ta dim genyen worst life
    Èske se foli si foli di m non
    Ki fè chak jou m nan pinisyon
    M santi li raz pou w'ap sal non w konsa
    Devan je tout moun m te prezante w deja
    Pa mande m paske mwen pa konnen
    Rezon ki fè lanmou nou pa donnen
    De je nan tèt mwen klere m ap tatonnen
    Se sak fè m oblige

    M ap lage cha manman
    Lage lage lage
    M ap lage cha manman
    Ale ale ale
    M ap lage cha manman
    Lage lage lage
    M ap lage cha manman
    Ale ale ale

    Continúa después del anuncio

    Ou fè tout vi w ap banbile (w'ap met may)
    Kou kap ki pran van w vle file (ou mèt flay)
    Avèw mwen sanble kondane
    Pou m viv avèk yon kè brize
    N goumen tout la sent jounen (li pa bon non)
    Ou pa wè n pa fouti ere (non non non non)
    Lap difisil pou nou 2 ret ansanm
    Ou fin tout ak tout sak andanm
    Si w pa bezwen m anko sensèman
    Mete m alez dim sa kareman
    Cheri renmen w pa vle di poutan
    Pou m ret avè w si kèm pa kontan

    M ap lage cha manman
    Lage lage lage
    M ap lage cha manman
    Ale ale ale
    M ap lage cha manman
    Lage lage lage
    M ap lage cha manman
    Ale ale ale

    Oh yeah yeah
    Pou valè mizè n pase
    Valè pwoblèm nandire yeah
    Kounya nan bouche nou lanmou kite yon gou anmè
    Mo lanmou fè kè m kase
    Pou nou pa gen rekomanse
    Kounya fòk mwen ale yeah yeah

    MELO, ex mwen pral songem wi
    O-o-o-o
    Mika, gen ban dèyè wi la

    Manman lage wi fò m lage yeah yeah m ap lage
    Manman lage ou fè m pase twòp manman twòp manman
    Manman lage
    M pap rete

    M ap lage cha manman
    Ouu ouuu
    Lage cha manman
    Lage lage

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión

    Canciones relacionadas