Ayisyen (feat. Ded Kra-Z)

Cliowen

    Continues after the ad

    Yo banou anpil pataswel
    Au grand jamais se pa ta souhait’ n
    Yo aprann nou renmen Cesar pa aprann nou Aimer Cesaire
    Peyi’m vecu peyi’m subi
    Peyi’m (hum) gen peripesi
    Peyi’m gen remed pou malad, peyi’m tou geri blesi
    Nou se pitit tèt ki pwav (pwav) , pitit pèp ki brav (brav)
    Pitit tèt gridap mwen menm avèw nou gen menm fas
    Li lè li tan poun konn valè’n e pou nou konn kapasite’n
    Tout sa’n tande yo se fo film, sa yo di yo paka fristre’n
    Depi’w se Ayisyen figi’w kenbe eskanp lan
    Toussaint, Dessalines, Capois deja yo te trase egzanp lan
    Konbyen nan nou kap swiv egzanp sa
    Konbyen nan nou’k pratike sans saa
    Konbyen nan nou kap lite’k konn sa
    Konbyen nan nou’k konn li’k defann sa

    Yo te mèt pale, paleee
    Yo met radote, radoteeee
    Di tout sa yo vle, Ayisyen reprezante (woy)
    Yo te mèt pale, paleee
    Yo met radote, radoteeee
    Di tout sa yo vle, Ayisyen reprezante (woy)
    Gade pèchè latè, zoe yo pap ka gratè
    Pale yo, di yo nap vini vin lave lhr a woyy
    Gade pèchè latè, zoe yo pap ka gratè
    Pale yo, di yo nap vini vin lave lhr a woyy

    Ann leve men’n pou konbit sa
    Mete brain pou’l fè plis pwa
    Mete grenn ann leve pye’n pou nou fè valè peyi sa
    Sikonstans pa fèt pou efase pakèt sak te pase
    Si’n pran san’n pou’n repanse n’ap wè valè sa’k deplase
    Nou se fyète tout yon kontinan, lè sa pa bon fò’n konn di non
    Fò’n pa kite chagren nan nou ap fin etenn chak grenn nan nou
    Chak grenn nan nou, sak gen lanmou dwe pataje’l
    Pou’n fè yo wè sa’k byen nan nou konsa na soti nan grangou
    Toupiti nou boukle lesklavaj
    Nou montre ke n’kapab
    Nou montre ke n’pat krab
    Nou montre ke n’valab
    Sou yon pakèt kolonn rasis ki te fè coloniaslism
    Yo pran nou pou bouki jis paske yo konnen yo malis

    Continues after the ad

    Yo te mèt pale, paleee
    Yo met radote, radoteeee
    Di tout sa yo vle, Ayisyen reprezante (woy)
    Yo te mèt pale, paleee
    Yo met radote, radoteeee
    Di tout sa yo vle, Ayisyen reprezante (woy)
    Gade pèchè latè, zoe yo pap ka gratè
    Pale yo, di yo nap vini vin lave lhr a woyy
    Gade pèchè latè, zoe yo pap ka gratè
    Pale yo, di yo nap vini vin lave lhr a woyy

    Yo dèyè vin redui nou en cendres
    Yo bliye si n’redi pou’n ansanm (yo pa saj)
    Ale di yo se nou’k te fè 1804 (yeah)
    Kelkeswa kwen ou ye depiw black fò’w konn istwa’n
    Mwen vini fè’n sonje metye’n menmlè m’konnen nou vann zouti nou
    Pinga n’rejte vodou paske’l fè pati de kilti nou (ayibobo)
    Linyon va di yo sa nou ye sou latè
    Pouki n’pa di yo nap rive nou pa pè
    Kelkeswa jan’l ye n’ap lite pou sa n’prè

    Heyy n’ap
    Lave lè a (lave) lave lave lè a (ayisyen)
    Lave lè a (lave) lave lave lè a (woy)
    Lave lè a (lave) lave lave lè a
    Ayisyen nou ye premye pèp libere
    Heyy n’ap
    Lave lè a (lave) lave lave lè a (ayisyen)
    Lave lè a (lave) lave lave lè a (woy)
    Lave lè a (lave) lave lave lè a
    Ayisyen nou ye listwa se nou’k kreyel
    Woooy woooy lave lè a (hey), lave lave lè a (oulala)
    Lave lave lave lè (oulalala)
    Lave lè a, lave, lave lè a

    Song details

    Composition:

    Did you see an error?

    Enviar revisão