M’kenbew (feat. UX)

Cliowen

    Continúa después del anuncio

    M’rele hey li pa vire se sa’ k fè m’bal kou an
    Moun k’ap gade yo rele (weyyy)
    Sou konn lè EDH bay kouran
    Li met moun sou 2 ran tankou se 32 dan
    E l’fè sot deyò menm sa’k te an dedan
    Se skandal m’kraze figi’l ak pla sandal
    M’bali gwo kou m’ pa t janm swete ke m’tap janm bal
    Paske’l twonpe’m li trayi konfyans ke mwen te fè’l
    Sa son wonte, pou yon nèg tankou mwen ki gen fyèl
    Mwen’k panse ke li te fidel
    Li telman pran gason e menm fi dèyè’l
    Li pran vi an pou domino l’ap jwe’l pi gwo pi gra
    Li toujou vle’m mennenl Domino’s pou’l ka jwenn pi gwo pizza (extra large)
    Nan men’l m’ap pran bill deyò a l’ap pran bibil
    Li toujou lolo’m m’pa gen kontwòl manzè
    Pou li mwen te yon Lòlò, pou mwen li te yon Manzè
    Tankou S.A. l jodi a m’kenbe manzè

    Kijan ou vle m’avew pandan M’kenbew ak nèg sou vant ou (sou vant ou)
    M’te konn ap plede lè yo di’m ou fel assez souvent tou (assez souvent)
    Kounya ou vle fè’m konprann ke sa m’wè a se pa vre (se pa vre)
    Gad figi manzè k’ap pran’m pou egare (welele)

    Pa jwe ak figi’m pa pran’m pou egare (welele)

    Li t’ap choute ak tou 2 pye’l
    M’pat jan’m wè’l ak tou 2 zyeu’m
    Li trible’m vre, jan’l kanpe an li tou devye’m
    M’kenbe’l sou vant yon nèg
    K’ap monte desann
    Septanm li fèt poutan’l pa vyèj
    Gad jan l’ap montre’m Desanm
    Mwen m’pat konprann m’tal pran’l pou sè legliz
    Premye fwa m’rankontre’l li t’ap mennen ti sè’l legliz
    Lòt dimanch li trennen’m jiskaske nou renmen
    Prezante’m kay paran di manman men nonm mwen
    Men au moins, li ta kite m’fon penso men au moins
    Nou selman anbrase, li pa vle m’al pi lwen
    Li di’m ann tann maryaj, deyò l’ap jwe lotto 5 chif
    L’ap frape fò nan street
    Avèm ou wè l’ap jwe game chich
    Manzè fè m’wè lanmou avèg nan je’m li mete gwo linèt
    Pou li m’te vin fè foli nèt (fo linèt)
    Tout sa l’dim se vrè
    M’te ka tuye’w si’w vin dim fo wi mèt

    Continúa después del anuncio

    Kijan ou vle m’avew pandan M’kenbew ak nèg sou vant ou (sou vant ou)
    M’te konn ap plede lè yo di’m ou fel assez souvent tou (assez souvent)
    Kounya ou vle fè’m konprann ke sa m’wè a se pa vre (se pa vre)
    Gad figi manzè k’ap pran’m pou egare (welele)
    Kijan ou vle m’avew pandan M’kenbew ak nèg sou vant ou (sou vant ou)
    M’te konn ap plede lè yo di’m ou fel assez souvent tou (assez souvent)
    Kounya ou vle fè’m konprann ke sa m’wè a se pa vre (se pa vre)
    Pa jwe ak figi’m pa pran’m pou egare (welele)

    Cherie e pa fòt mwen non
    M’pat wè kijan pou m’te di’w sa
    Cherie m’pwomèt ou senserite
    Stp padonem

    M’pap padone’w paske’w fè’m pase pou sa m’pa ye
    Ou fè’m enmi fanm ki zanmi’m
    Atò menm sa m’taye
    Imajine si m’pat avew tout sa m’ta ye?
    Tankou lèt jodi a ou fè tout san’m kaye
    M’panse san ou m’tap yon elèv ki san kaye
    Se pou sa m’pat vle kite’w
    Men ou te nan chyen ou nan chat
    Ou vann mwen chyen nan sac
    M’fè w konfyans ou vyole’l
    Eske e pa kadejak?
    Ou mechan

    Aba vyolans sou fanm

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión