Continúa después del anuncio

    Mwen, vi m, lirik mwen, doulè m
    Trèzan apre m stil ret kwè kèk kouplè kapab koud plè m
    Frè m se Kayen, ou wè sa k ap rive m si m ba l do
    Se kwonik on rejte k vin make tan l, rele m Balto

    Sa pral de mal an pi, sou sab bò lanmè m bati
    Yon anpi, m s on ewo yo te vle fè pase an mati
    Lavi a ban m on milyon rezon pou m ta kite l
    Men abandone pa nan vokab mwen, m gen jèn Kounta Kinte

    M te vle briye, men manman m di m tann lè m
    Anlè a s on frè w k ap asasinen w, sonje Malcolm a Harlem
    Malè m, m toujou ap batay pou menm ide a frè
    E m soti nan petèt sèl peyi k asasinen liberatè l

    Wè m parano, men si tout pwojè m tonbe à l'eau
    M konnen lòt bò fil la Filip ap reponn chak fwa m di alo
    M soti, kote pou on ti pwogrè nèg ap poudre w
    Menm ak boul grenn mwen m detache m, sèkèy la pa gen plas pou de

    M koube m a kreyatè m nan, se li k abit mwen
    Jijman l yo irevokab, m ap tann salè tout peche m
    An atandan, m ba vi m sans lè m gen mic a beat mwen
    On plim pou ekri reyalite m, on konsyans ki pou preche m

    M p ap depeche m, kite melodi a pote m ale
    Migga m vin make tan m nan kòm si m te Bob Marley
    M vin pale tou wo, sa geto a ap plenn tou ba
    Pa sezi avan twa albòm si ou wè pwatrin mwen plen tou bal

    Koupab ke m ap chache a, m wè l lè m gade m nan glas
    Karma, nan chatiman ou yo, m ap mande ou pou fè m gras
    M sot sou chimen an, sa m wè yo pa fasine m
    Twòp espwa y asasine, gen twòp rèv ki kalsine

    Continúa después del anuncio

    Wè gen rèv, men pou yo reyalize sa ap pran tan
    Mwen tou m gen rèv, men m toujou pantan
    Nan menm pwen an, m wè ti nèg a menm jwen an
    M voye dlo, m pa mouye moun, mèt li mèt ranmase pwen an

    Se toujou menm manif pou diri oubyen gaz la
    Toujou menm gè gang yo, geto yo tounen Gaza
    Toujou menm avni yo k nwaye nan dwòg ak alkòl
    Toujou menm ti frè yo k pran chimen prizon k kite lekòl

    San vizyon, jenn gason ap fonde fwaye anba tant
    Manke anbisyon, jenn fi an vle on bwat makiyaj pou vizaj li e pou anndan janm li on patant
    Nan mitan devyans yo m t ap tann, m pa Brant
    Men m konte kidnape rap, yo di l pa met bòl

    Don't give a fuck, dayè se siksè a k sedui m, m pa t sou bò l
    Sa dwòl, pwoblèm peyi a pa rezime a ti kapris mwen yo
    Fuck hit, se pa on Jordan k ap efase sikatris mwen yo
    Stil rap tris mwen an

    Pa chame mezon disk, rezon k fè m pa jwenn kontra, yo pa feel stil atis mwen an
    Kou lòt la, mizè gentan make m, m pa wè rezon pou m tatouwe
    Siksè pa nan clash, pou m monte se pa on frè pou m ta touye
    Yo bafouwe verite, kache l nan pi lon

    Tankou po Kalangèt, mwen m vin boure l ak sèl
    M ap aprann ou vizyonè ou an pa wè pi lwen, se nen l ki pi long
    Sak fò viv pou kont li men pi fò fè viv frè l ak sè l
    Ak sèl plim mwen m vin revòlte sou fèy blanch

    M ap kontinye viv nan kè geto a menm kouche nan 4 fèy planch
    M p ap janm trayi konsèp mwen yo
    Pi gwo sousi m se sa kap vin dèyè yo, se ak yo m dedye konsèy mwen yo
    On bagay m aprann lè m te konn al krache ka Do

    Siksè se nan travay, vi a pa konn fè kado
    Kwè m, frè m, si l ap fè tèk fò w ka fè tou
    E lè yo di ou kòb pa fè bonè, di yo mizè pa fè l tou
    Lè ou kòmanse gen nan pòch ou ap wè malonèt fè repwòch

    E si ou fè on pa anplis sou kavo w a chak jou fèt ou
    M ap di w, viv vi a selon ou menm ak règ nèg yo pa soumèt ou
    Fè chwa ou ant ri dèyè on bourèt ou kriye nan on Porsche
    Se tout pwòch mwen k pati k fè m aprann

    Se pa dire on vi k konte men tout sa ou akonpli ladann
    Se pa tit men ekselans menm lè konesans se fizi
    Tan pou m doktè kou Napo m pito kawotchouman kou Izi
    M vle dòmi sou lajan men m p ap vann namm mwen pou monnen

    Gran Paran t aprann mwen fyète ka fè grandi menm on nen
    Èske m dwe tatouwe Esther ak Lajenès sou chest mwen
    Pou rann ou kont fanmi , zanmi se pi gwo richès mwen
    Tristès mwen, geto a ap koule m paka rape l cool

    Ou ap wè dlo je ti nèg koule chak lè m raple l kou l
    Pran. Fòs ou pa nan sa ou bay men nan sa ou ankese
    Gen emosyon nan rim mwen yo, kè brize m vin pyese
    An pasan, m ap di ou chak moun gen lè yo

    Pito ou pasyan sou wout la ke se lopital ou al pasyan
    Lè mond lan bliye vizaj ou, se zak ou k ap ret etènèl
    Ebyen se stil tèks sa yo k ap fè m ret Imòtèl

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión