Continues after the ad

    Ak rap mwen m louvri on fenèt pou m gade mond lan
    "So much thing to say" kou Bob avan m jwenn tonb lan
    Chòk se lè m li Bouira se lestomak
    On timoun douzan k resevwa bonb lan
    M pa pi konsyan pami atis yo
    Men m pa ka ret endiferan lè anfas la moun ap manje tè ak siwo
    M ekri sa k touche sansibilite m
    E paske yo di m gran pouvwa mande gran responsabilite
    Yo di m, ennmi lapè se machann zam
    Yo fabrike l, fò itilize l, yo fè lagè paske sa rantab
    Se reyalite a k tris, mizik mwen se reflè l
    M te panse refè mond lan, la m pè pou mond lan pa refè m
    M wè timoun tounen komès
    Kay bondje yo a, pè beni bouda annfann kè apre mès
    M fèmen sou mwen menm, se pa yo k pou pale m de moral
    Paske mon de rèv yo a se kochma n

    Mond yo a fè m pè, pri nobèl lapè nan men kriminèl
    Sèl nan tele m wè lavi pi bèl
    Masakre tout on pèp
    Demokrasi kòm alibi
    Dwazimen fèmen je l sou sa k ap pase Libi
    Se pa de sa medya yo deside pale
    Se konsyans nou k separe n ak bèt se pa mediterane
    Pi pre m, kochon ap manje moun lasalin
    Gen ki endiferan a sa men k choke lè yo kraze kèk vit machin
    Endiyasyon selektiv, se betiz
    Youn nan pi gwo mal k ap ravaje n se legliz
    Yo maske krim
    Mond yo a se pa
    Alice aux pays des merveilles, se Ahed Tamimi a Palestine
    Depi se kont enjistis chak zak
    Konte menm si pou chanje sa li p ap sifi sèlman gen on ashtag
    Mond yo a se pòch plen, kè vid
    Sou yon rivaj, Aylan Kurdy

    Continues after the ad

    M wè yo asasinen tout sa k kanpe pou lite
    Nan mond yo a m wè imen, m pa wè imanite
    Sou tèt mwen m fèmen, kot longè jip on "Femen"
    Choke plis pase milyon moun k ap mouri grangou yemen
    Kochon ak moun se menm kote yo rete
    Nan mond yo a, yo pito konbat pòv nan plas povrete
    Trafik timoun, esklav seksyèl
    Pran tout byen latè, tout sa yo ba n kòm espwa se syèl
    Milye moun yo ekzekite san pwosè
    On bonm pou efase tout on vilaj, yo rele sa pwogrè
    Se jenosid nan endiferans total
    Depi se nan avantaj yo fè lagè a nòmal
    Frè, mond sa pa pa m
    Avan l refè m, m ap fè malèt mwen, pou m al jwenn papa m
    Mond sa, si m te dwe fè tablo l
    Se t ap "Les Intouchables" , Erik Ravelo

    Song details

    Composition:

    Did you see an error?

    Enviar revisão