Cherie Ann Ale

D-Perfect

    Continúa después del anuncio

    Yeah
    Yeah-eh-eh-eh

    Cheri ann ale, cheri ann ale la
    Pa okipe manmi papi k ap bay pwoblèm
    Si papi soti poul bay pwoblèm
    N ap fè ti pakèt nou epi nap vole vole

    Mwen tap mache nan katye a
    Mwen te kwaze ak ti fanm sa
    Pou janl gadem li twaze mwen man
    Kyèt man
    M te gentan konnen sa pap ret konsa
    Li gon bèl rega e bèl kò
    M ap di w fanm sa s on bèl dekò
    Li gen 18 m gen 21 m te gentan konnen l ap difisil
    Men pou mwen sa pat anyen
    Nan koze nan pale mwen
    Vin konnen ke se vwazin mwen
    Zanmi k te la k tap obsève mwen
    M te déjà konnen se pwoblèm m ap chèche bay tèt mwen
    Yo di m papa l son jalou gen pafwal aji kon moun fou
    Mwen di just avan w ale tanpri baby pase m numero a souple

    Cheri ann ale la
    Pa okipe manmi papi kap bay pwoblèm
    Si papi soti pou l bay pwoblèm
    N ap fè ti pakèt nou epi nap vole vole

    Continúa después del anuncio

    Li vin aksepte n ansanm
    Tout kote n pase n ansanm
    Lè l pwoche ti bouch li bò kou mwen bò jou mwen
    Hmm sa mache nan san m
    She's a cutie lady and she makes me happy
    The way she moves the way she touch me drives me crazy
    Konnen w pa konnen ti fanm sa ki jan m vin renmen li
    Konnen w pa konnen ti fanm sa ki jan m vin fou pou li

    Cheri ann ale la
    Pa okipe manmi papi k ap bay pwoblèm
    Si papi soti pou l bay pwoblèm
    N ap fè ti pakèt nou epi n ap vole vole

    Wo lo lo wo lo lo bwa m mare
    Tande koze wo

    Kounya m kòmanse vin blèm
    Nou tonbe nan plis pwoblèm
    Ou paka soti vin wè m
    Nou paka soti bwè krèm
    Mwen santi m bouke mwen kòmanse fatige
    Franchman map mande èske se konsa l ap rete

    Wo lo lo wo lo lo bwa m mare
    Tande koze wo

    Cheri ann ale la
    Pa okipe manmi papi k ap bay pwoblèm
    Si papai soti pou l bay pwoblèm
    N ap fè ti pakèt nou epi n ap vole vole

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión