Khiumy

Durkheim

    Continúa después del anuncio

    Sonje tou piti lèzòm te di non non Durkheim pap grandi
    Lajounen m pat janm vle fini
    Paske se sè l moman k te kenbe souri m
    Lannwit te g on lòt sans pou mwen
    Li pat pote m konsèy se plis kochma
    Pafwa je m konn fòse fèmen
    Twòp bagay mwen t ap wè m pat prè pou sa

    Oh ou ou
    Anfans mwen pat fasil san ou
    Oh ou ou
    Anfans mwen pat fasil san ou

    Mwen sonje m te poukò m ak yon pè entans
    Chak swa s on tray sof mwen k te konn santi yon prezans
    oh, oh m konn sote sou li lè l fin sekwe m pou m leve
    oh, oh m konn santi zong li sou dra mwen ki ap pase
    oh, oh pafwa m te vle rele men santi m t ap toufe
    oh, oh pafwa m te jis ap kriye manmi papi vin vini ede m

    Continúa después del anuncio

    Oh ou ou
    Anfans mwen pat fasil san ou
    Oh ou ou
    Anfans mwen pat fasil san ou

    Lord lè w te pran m kou yon ze m te frajil
    Ou kenbe menm jiskaske m fin abil
    Enmi m yo kondane a legzil
    Isiba oh papa wi son papa
    Lè mwen nan tenèb ou k sèvi m kòm limyè
    Oh papa yon bon papa
    Menm si m ap dòmi m pa pè
    Koz je w toujou rete klè
    Depi lè w antre nan vi m m pa janm manke anyen
    Tout sa ki mal yo vle fè ou swete pou mwen
    Avè w tout ap rete san zefè
    J’habiterai dans la maison de l’Eternel jusqu’à la fin de mes jours

    Amen, amen
    Amen, amen

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión

    Canciones relacionadas