Meli Melo

Ekip

    Continues after the ad

    Madanm pi bon zanmi m
    Poutan se li k ap nwi m
    Mwen di l mwen pa vle viktim
    Paske si m fè sa son krim
    Li vire lòlòj an mwen
    Li domine sistèm mwen
    Gon jan manzè rive sou mwen
    Ah wi sa resi twòp pou mwen

    Li kenbe m, li gade m, li di m
    Fè sa w gen pou w fè
    Fè sa w gen pou w fè
    Li rale m, dezabiye m, li di m
    Fè sa w gen pou w fè
    Fè sa w gen pou w fè

    Meli melo
    (Mwen pran nan)
    Meli melo

    M di l banm di yon bagay
    Li di l pa bezwen detay
    M di l sa ka gen deblizay
    Li di l pap è akwochay
    Li vire lòlòj an mwen
    Li domine sistèm mwen
    Gon jan manzè rive sou mwen
    Ah wi sa resi twòp pou mwen

    Li kenbe m, li gade m, li di m
    Fè sa w gen pou w fè
    Fè sa w gen pou w fè
    Li rale m, dezabiye m, li di m
    Fè sa w gen pou w fè

    Bagay yo deranje
    Cheri (m pap pran nan lanmou bò katedral)
    L anvi fè l avè m vre, l anvi fè l avè m

    Meli melo
    Sa son lanmou
    Meli melo

    Continues after the ad

    Mwen pa anvi trayi zanmi m (mwen pa anvi)
    Mwen pa anvi megri nan vi m (mwen pa anvi)
    Mwen pa anvi trayi zanmi m (mwen pa anvi)
    Mwen pa anvi megri nan vi m

    Sa son lanmou (meli melo)
    Lanmou fou lanmou (meli melo)
    Zanmi m pral fè jalou (meli melo)
    E m konn soufrans lan tou (meli melo)

    Sa son lanmou kareman
    Yon lanmou sezisman
    Yon lanmou tranbleman
    E fò m jere l trankilman
    Manzè kole kou leman sa son lanmou touman
    M tankou yon moun ki pral
    Kalman pou janm gon dwol tanperaman

    Sa son lanmou (meli melo)
    Lanmou fou lanmou (meli melo)
    Zanmi m pral fè jalou (meli melo)
    E m konn soufrans lan tou (meli melo)

    Sa son lanmou kareman
    Yon lanmou sezisman
    Yon lanmou tranbleman
    E fò m jere l trankilman
    Manzè kole kou leman sa son lanmou touman
    M tankou yon moun ki pral
    Kalman pou janm gon dwol tanperaman

    Cheri (m pap pran nan lanmou bò katedral)
    L anvi fè l avè m vre, l anvi fè l avè m

    Meli melo
    Sa son meli melo
    Meli melo

    Sa se (EKIP)

    Lanmou meli melo
    M pran nan lanmou meli melo

    Mwen pa anvi trayi zanmi m (mwen pa anvi)
    Mwen pa anvi megri nan vi m (mwen pa anvi)
    Mwen pa anvi trayi zanmi m (mwen pa anvi)
    Mwen pa anvi megri nan vi m

    Mwen pa anvi trayi zanmi m
    Mwen pa anvi megri nan vi m
    Mwen pa anvi

    Song details

    Composition:

    Did you see an error?

    Enviar revisão