Madanm pi bon zanmi m Poutan se li k ap nwi m Mwen di l mwen pa vle viktim Paske si m fè sa son krim Li vire lòlòj an mwen Li domine sistèm mwen Gon jan manzè rive sou mwen Ah wi sa resi twòp pou mwen Li kenbe m, li gade m, li di m Fè sa w gen pou w fè Fè sa w gen pou w fè Li rale m, dezabiye m, li di m Fè sa w gen pou w fè Fè sa w gen pou w fè Meli melo (Mwen pran nan) Meli melo M di l banm di yon bagay Li di l pa bezwen detay M di l sa ka gen deblizay Li di l pap è akwochay Li vire lòlòj an mwen Li domine sistèm mwen Gon jan manzè rive sou mwen Ah wi sa resi twòp pou mwen Li kenbe m, li gade m, li di m Fè sa w gen pou w fè Fè sa w gen pou w fè Li rale m, dezabiye m, li di m Fè sa w gen pou w fè Bagay yo deranje Cheri (m pap pran nan lanmou bò katedral) L anvi fè l avè m vre, l anvi fè l avè m Meli melo Sa son lanmou Meli melo Mwen pa anvi trayi zanmi m (mwen pa anvi) Mwen pa anvi megri nan vi m (mwen pa anvi) Mwen pa anvi trayi zanmi m (mwen pa anvi) Mwen pa anvi megri nan vi m Sa son lanmou (meli melo) Lanmou fou lanmou (meli melo) Zanmi m pral fè jalou (meli melo) E m konn soufrans lan tou (meli melo) Sa son lanmou kareman Yon lanmou sezisman Yon lanmou tranbleman E fò m jere l trankilman Manzè kole kou leman sa son lanmou touman M tankou yon moun ki pral Kalman pou janm gon dwol tanperaman Sa son lanmou (meli melo) Lanmou fou lanmou (meli melo) Zanmi m pral fè jalou (meli melo) E m konn soufrans lan tou (meli melo) Sa son lanmou kareman Yon lanmou sezisman Yon lanmou tranbleman E fò m jere l trankilman Manzè kole kou leman sa son lanmou touman M tankou yon moun ki pral Kalman pou janm gon dwol tanperaman Cheri (m pap pran nan lanmou bò katedral) L anvi fè l avè m vre, l anvi fè l avè m Meli melo Sa son meli melo Meli melo Sa se (EKIP) Lanmou meli melo M pran nan lanmou meli melo Mwen pa anvi trayi zanmi m (mwen pa anvi) Mwen pa anvi megri nan vi m (mwen pa anvi) Mwen pa anvi trayi zanmi m (mwen pa anvi) Mwen pa anvi megri nan vi m Mwen pa anvi trayi zanmi m Mwen pa anvi megri nan vi m Mwen pa anvi