Kote W Te Ye

Enposib

    Continúa después del anuncio

    Ki, ki, ki, ki kote w te ye dat sa? Wè-è-è!
    Ki, ki, ki kote w te ye dat sa? Wè-è-è!

    Te kwè lanmou te bliye mwen
    Li kite m pou chen manje mwen
    Relasyon pase kraze mwen
    Men genlè mwen tonbe sou poy mwen
    Gad on problèm, m ape pote flè
    Chemiz boutonnen, si w konn se Monpè
    Menm mwen menm, mwen pa ka kwè, non, mwen paka kwè

    Kite m toke kòn ak kè w
    Pran m on fwa mennen m avè w
    Si lanmou te malmennen w menm jan avè m, m konprann mizè w
    M pral montre w kijan m bezwen w
    Ou genyen mwen nan pla men ou
    Si lanmou te mal mennen w, kite m pran swen w, kite m renmen w

    Ki kote w te ye? (dat sa)
    Lavi m pa gen okenn sans san ou
    Ki kote w te ye? (dat sa)
    Men koumanman! Mwen preske fou
    Ki kote w te ye? (dat sa)
    Lavi m pa gen okenn sans san ou
    Ki kote w te ye? (dat sa)
    Men koumanman! mwen preske fou

    Continúa después del anuncio

    Cheri, cheri, cheri poze w
    Ou pa bezwen pè, mwen pa ka blow ou
    Kwè nan lanmou sa, cheri, poze w
    Non, mwen pa ta fou pou m pèdi ou
    Ou, ou, ou t ap ri m anpil

    Manman, manman, manman!
    Ki kote w te ye?
    Pou dat sa
    Ki kote w te ye?

    Kè m pa fè m mal ankò, ankò, ankò (na-na-na, na-na-na)
    Mwen pa regrèt ansyen menaj mwen yo (na-na-na, na-na-na)
    Kè m pa fè m mal ankò, ankò, ankò (na-na-na, na-na-na)
    Ou fè m bliye ansyen pil moun mwen yo (na-na-na, na-na-na)

    Ou fè mwen bliye (ti fanm 83)
    Cheri, ou fè mwen bliye (ti baby Paris a)
    Ou fè mwen bliye (moun ki sou wout frè m nan)
    Ou fè mwen bliye, m bliye, m bliye nèt, nèt, nèt
    Ou fè mwen bliye (ti fanm ki Kanada a)
    Cheri, ou fè mwen bliye (ti baby, Leyogàn nan)
    Ou fè mwen bliye (ti doudou Jakmèl la)
    Yow! Cheri, m fè ayzaymè

    Ki kote w te ye?
    Pou dat sa
    Ki kote w te ye?

    Kè m pa fè m mal ankò, ankò, ankò (na-na-na, na-na-na)
    Mwen pa regrèt ansyen menaj mwen yo (na-na-na, na-na-na)
    Kè m pa fè m mal ankò, ankò, ankò (na-na-na, na-na-na)
    Ou fè m bliye ansyen pil moun mwen yo (na-na-na, na-na-na)

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión