Mete May

Enposib

    Continúa después del anuncio

    Cheri kase bwa nan zorèy mwen
    Fè m' santi tout sa m' ta fè w'
    Met pawòl chita nan fyèl mwen
    Retire lide anmè
    Ke fanm ki te nan bouch an m'
    Ki ret kole nan tèt an m'
    Fò w' ta fè mwen repran nanm
    Cheri kase bwa nan zorèy mwen
    Fè m' santi tout sa m' ta renmen

    Met pawòl sou mwen
    Babe si w' gen may
    Pa ezite ban mwen
    Gade m' nan je
    Di m' sa w' pa genyen
    Mete may, mete may

    Met pawòl sou mwen
    Babe si w' gen may
    Pa ezite ban mwen
    Gade m' nan je
    Di m' sa w' pa genyen
    Mete may, mete may

    Mwen ta renmen w'
    Mete w' nan plas mwen
    Mete w' alèz, bwè 2 vè kleren
    He babe, he bebe, he bebe
    Pawòl tafya w'a koule sou mwen

    Si w' ka fè mwen kwè m' ka vole
    M'a pran elan mwen mayi gate
    He babe, he bebe, he bebe
    Pale pale w' manman, pale pale ouuu

    Tout sa w'ap bay (tout tout)
    Nenpòt ki manti l' ta ye (tout tout)
    Cheri ou met ban m' kenbe l' (tout tout)
    Fè m' santi m' kiteeee

    Continúa después del anuncio

    Si w' ka fè mwen kwè m' ka vole
    M'a pran elan mwen mayi gate
    He babe, he bebe, he bebe
    Pale pale w' manman, pale pale ouuu

    Met pawòl sou mwen
    Babe si w' gen may
    Pa ezite ban mwen
    Gade m' nan je
    Di m' sa w' pa genyen
    Mete may, mete may

    Met pawòl sou mwen
    Babe si w' gen may
    Pa ezite ban mwen
    Gade m' nan je
    Di m' sa w' pa genyen
    Mete may, mete may

    Manman koute, ou gen yon mòd
    Ou kenbe men m'
    M' santi w' bezwen m'
    Ou gen yon mòd ou karese m'
    Mwen santi w' renmen m'
    Men may sa, ti bwa sa
    W'ap kase nan zorèy mwen an
    M' renmen l' a mò

    Oh uh oh
    M' renmen l' a mò

    Oh uh oh
    May sou may

    Cheri pase mwen nan tenten
    Pa di sa pa di m' anyen
    Gen jou chasè tounen jibye
    Gen jou dife boule ponpye
    Cheri pase mwen nan tenten
    M' pa di sa pa di m' anyen
    Lavi a se jou va jou vyen
    Jodi a se tou pa mwen

    M'ap ouvè kò m'
    Kòmsi sa pa t' fè m' anyen
    Men bagay sa te kraze kè mwen
    Si m' te ba nou bon story a
    Nou t'ap wè jan kè m' te fè zenglen
    Li ban m' blòf sou blòf, blòf sou blòf
    Pa t' konnen te gen moun fò ke mwen
    Pou janm bay may nan lari a
    Pa enkyete nou, mwen peye sa

    Cheri pase mwen nan tenten
    Pa di sa pa di m' anyen
    Gen jou chasè tounen jibye
    Gen jou dife boule ponpye
    Cheri pase mwen nan tenten
    M' pa di sa pa di m' anyen
    Lavi a se jou va jou vyen
    Jodi a se tou pa mwen

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión