Timidite (feat. Baky & Phat-G)

Flav

    Continúa después del anuncio

    S'on feeling ki puisan
    Ki fè'm fèb an menm tan
    Se imajinasyon'm k'ape mache
    Li la devan'm m'paka touche'l oo
    Domine tout rèv mwen
    Anchene zantray mwen
    Fè'm tounen yon esklav
    Cherie sa grav
    Diksyonè'm pa gen brav o oo
    Ouwo oo
    Anchene zantray mwen

    Se Timidite bebe
    Se Timidite
    Ki anpeche lanmou'n fleri bebe bebe
    Se Timidite bebe
    Ooh
    Timidite bebe

    Continúa después del anuncio

    Ou banm yon feeling m'paka eksplike
    Cheri lè ou bò kote'm
    Eh eh eh yèh èh
    Ti kè mwen pran tranble
    Syèl la chavire
    M'pa konn kibò pou'm kòmanse
    Eh eh eh yè è
    O cheri
    Se nan kè'm pou'w ta ye
    Pou'w wè mizè m'ap andire
    Eh eh eh yè è
    O cheri ann bebi
    M'panse a ou chak jou chak jou
    Chak jou
    Ouwo ouwo oo yè

    Pouw renmen yon fanm ke'w kwaze, di mwen combien de temps faut-il?
    Manvi di'w bèl pawòl, yo just paka soti
    M santi lang mwen lou, m santi je'm wè twoub, m pè tonbe nan twou
    Timidite mwen nan ka sa fotif
    Fotif pou feblès mwen
    Fotif pou mank kouraj mwen
    M pè mande'w zanmi, pandan'w se baz tout antouraj mwen
    Mespere gon zanmi'm kap pale'w de mwen
    Paske depi'm wè'w m' bèbè, m'oblije ap gade'w de lwen
    Map gade'w de lwen, map imajine'w nan 2 bra'm
    M koze avè'w nan mind mwen san'w pap janm ka tande vwa'm
    M son solda, timidite se Komandan'm
    So map pale avè'w nan panse'm koz pawòl yo ret kole anndanm

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión