Kiyes Ou Ye (feat. Baky)

Guerby

    Continúa después del anuncio

    W foure kouto nan kèm
    Genlèw gen plan pouw fini avec mw vre
    Lè mw diw li fèm mal ou aji tankou se ou menm kap senyen
    W pa sispann jwe viktim aloske menw tache avec tras san mw
    Genlèw antre nan vim pouw egzèse yon travay kriminèl
    M ta renmen konn janw santiw chak lèw gade mw
    Eske kèw pa konn fèw mal pou mw?
    Ou fèm pèw ou fèm tranble
    Gade kijan mas ou tonbe
    Refrain
    M ka wè kiyes ou ye
    M konprann kisa ou pote
    Ou konn manipile
    Ou aji san okenn pitye

    Ou bèl tankou yon rose men epine ou tranchan pase kout epe
    W t'ofrim la vie en rose men jodia ou fad ou ensipid
    Si mw pral nwaye m wè se ouk pou sove mw
    M ta pito kache nan vant reken
    Ou tuye tout kontantmanm
    Ou fèm santi m gaspiye tanm
    Refrain
    M ka wè kiyes ou ye
    M konprann kisa ou pote
    Ou konn manipile
    Ou aji san okenn pitye

    Continúa después del anuncio

    M pa ka konte tout mal ou komèt
    Ou vinn yon moun ke'm pa rekonèt
    Genlèw bliye tout saw t promèt mw
    Tout figiw make malonèt
    Sèl grenn fanm ki t nan vim
    Pi bon alyem pi bon zanmim
    Gad janw boulvèse lespri mw bb
    Lèm avèw ou fèm viv lanfè chak lèm eseye souri
    Pou tout saw fèm tan poum ret avèw m ta prefere mouri

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión