M'ap Trepase

Harmonik

    Continúa después del anuncio

    Viv, ou wè m ap viv
    Sa pa vle di ke mwen nòmal (non mwen pa nòmal)
    Wi, ou wè m ap viv
    Pa panse anyen pap fè m mal (mal, mwen santim mal)
    Fò w ta gade anndan m pou w wè jan sa grav (pou w wè jan sa grav)
    Fò w ta teste nan san m pou w wè jan m pa bon. (Pa bon)
    Men lanmò frape pòt mwen, lavi m an danje

    M ap trepase
    Si w pa vin bo m sou bouch
    M ap trepase
    Si w pa vin bo m bò kou m
    M ap trepase
    Si w pa vin bo m sou vant
    M ap trepase
    Cheri prese, prese
    Avan l twò ta

    Bat, ti kè m ap bat
    Sa pa vle di m ap wè demen (non m pap wè demen)
    Fò w ta rantre nan kè m
    Pou wè jan sa grav (pou w wè jan sa grav)
    Fò w ta goute doulè m
    Pou w wè jan m pa bon (pa bon)
    Men lanmò frape pòt mwen
    Lavi m an danje

    M ap trepase
    Si w pa vin bo m sou bouch
    M ap trepase
    Si w pa vin bo m bò kou m
    M ap trepase
    Si w pa vin bo m sou vant
    M ap trepase
    Cheri prese

    Baby, ou gon mwatye mò nan men w wi la
    Si w pa fè prese prese
    Ou mèt tou vin antere m
    Oh Jezu
    Gadon koma

    Continúa después del anuncio

    Eske m ap ret vivan?
    Se sèl ou ki konnen
    Eske m ap ret vivan?

    Si ou vle ban m lavi
    Ou konn tout sa m bezwen
    K ap bon pou mwen oh
    Si ou vle sove vi m
    Ou konn tout sa pou w fè
    Pou m satisfè

    Si w pa fè l
    Si w pa fè l, si w pa fè l
    Kriminèl ou ye, kriminèl ou ye
    Si w pa fè l, si w pa fè l
    Kriminèl ou ye, Kriminèl ou ye

    Si ou vle ban m lavi
    Ou konn tout sa m bezwen
    K ap bon pou mwen oh
    Si ou vle sove vi m
    Ou konn tout sa pou w fè
    Pou m satisfè

    Si w pa fè l
    Si w pa fè l
    Si w pa fè l
    Kriminèl ou ye
    Se sa w ye

    Si w pa fè prese prese
    Ou mèt tou vin antere m
    Eske m ap ret vivan?

    M ap trepase
    Si w pa vin bo m sou bouch
    M ap trepase
    Si w pa vin bo m bò kou m
    M ap trepase
    Si w pa vin bo m sou vant
    M ap trepase

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión