Prezidan

J. Perry

    Continúa después del anuncio

    Mwen anvi prezidan tou
    Yon jou m'ka prezidan tou
    Mwen anvi prezidan tou
    Yon jou m'ka prezidan tou

    Tankou yon bato k'ap navige
    Fò m dirige lavi m yon kote (pou m ka rive lwen)
    Se konsa m'fè lespri mwen mache
    Disiplin ak pasyans m'adopte (pou'm trase yon chemen)
    Yon jou m'ka doktè, mwen ta ka enjenyè
    Pouki pa profesè, nenpòt kote m'vle rive, m'ka rive!

    Mwen anvi prezidan tou
    Yon jou'm ka prezidan tou
    Mwen anvi prezidan tou
    Yon jou'm ka prezidan tou

    Ayiti se pou nou tout li ye
    Nou chak gen yon role pou nou jwe
    Fò n pa bliye nou pa poukont nou sou tè sa a
    Sèl nan l'union nou ka soti nan mizè sa
    Tankou yon match football, fò nou ka bay gòl pou ayiti chanpyon
    Nou nan menm ekip, respekte prensip pou'n sove yon nasyon
    Yon jou m'ka doktè, mwen ta ka enjenyè
    Pouki pa profesè, nenpòt kote m'vle rive, m'ka rive!

    Continúa después del anuncio

    Mantalite nou se premye sa pou'n change woh oh oh
    Anou viv nan lanmou ak anpil positivite
    Fò'n pa pran peyi sa pou jwet adye
    Gen de bagay nou pa dwe aksepte
    Sinon nenpòt moun a panse panse panse

    Ke yo ka prezidan tou!
    Yon jou ya prezidan tou
    Ya panse yo ka prezidan tou
    Ya rive prezidan tou

    Pa pale, m'ap pale
    Lè m finn pale, wa pale
    Si'w pale, m'pap pale
    Lè w finn pale, m'a pale
    Pa pale, m'ap pale
    Lè m finn pale, wa pale
    Si'w pale, m'pap pale
    Lè w finn pale, m'a pale

    Mwen anvi prezidan tou
    Yon jou m'ka prezidan tou
    Mwen anvi prezidan tou
    Yon jou'm ka prezidan tou

    Prezidan tou
    Prezidan tou
    Mwen anvi prezidan tou

    Yon jou m'ka prezidan tou

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión

    Canciones relacionadas