Mwen anvi prezidan tou Yon jou m'ka prezidan tou Mwen anvi prezidan tou Yon jou m'ka prezidan tou Tankou yon bato k'ap navige Fò m dirige lavi m yon kote (pou m ka rive lwen) Se konsa m'fè lespri mwen mache Disiplin ak pasyans m'adopte (pou'm trase yon chemen) Yon jou m'ka doktè, mwen ta ka enjenyè Pouki pa profesè, nenpòt kote m'vle rive, m'ka rive! Mwen anvi prezidan tou Yon jou'm ka prezidan tou Mwen anvi prezidan tou Yon jou'm ka prezidan tou Ayiti se pou nou tout li ye Nou chak gen yon role pou nou jwe Fò n pa bliye nou pa poukont nou sou tè sa a Sèl nan l'union nou ka soti nan mizè sa Tankou yon match football, fò nou ka bay gòl pou ayiti chanpyon Nou nan menm ekip, respekte prensip pou'n sove yon nasyon Yon jou m'ka doktè, mwen ta ka enjenyè Pouki pa profesè, nenpòt kote m'vle rive, m'ka rive! Mantalite nou se premye sa pou'n change woh oh oh Anou viv nan lanmou ak anpil positivite Fò'n pa pran peyi sa pou jwet adye Gen de bagay nou pa dwe aksepte Sinon nenpòt moun a panse panse panse Ke yo ka prezidan tou! Yon jou ya prezidan tou Ya panse yo ka prezidan tou Ya rive prezidan tou Pa pale, m'ap pale Lè m finn pale, wa pale Si'w pale, m'pap pale Lè w finn pale, m'a pale Pa pale, m'ap pale Lè m finn pale, wa pale Si'w pale, m'pap pale Lè w finn pale, m'a pale Mwen anvi prezidan tou Yon jou m'ka prezidan tou Mwen anvi prezidan tou Yon jou'm ka prezidan tou Prezidan tou Prezidan tou Mwen anvi prezidan tou Yon jou m'ka prezidan tou