Eske w te Konnen?

K-Lib Mapou

    Continúa después del anuncio

    10 zan Clan, 10 zan gang, 10 zan bang
    10 zan Let me do my thing
    10 zan grenn, 10 zan jwenn 10 peng
    10 zan let me do my thing
    Kidnaping, Kokayin
    Gwo bandi legal yo bon sou nou
    Gwo machin Gwo Bilding
    An ti zanmi yo bon sou nou
    Kidnaping, Kokayin
    Ti bandi legal yo bon sou nou
    Gwo machin Gwo Bilding
    An ti zanmi yo bon sou nou

    Èske w te konnen?
    Met pafen sou fatra boule kòb blanchi vòlò
    Kadav kou pil fatra, kriz la bay kòb, siklòn vo lò
    Depi w PHTK tande Petwokaribe l pouse kòn
    (Lamòt bloke m san m pat swiv li wi man)
    J'ai les photos sur mon téléphone

    Ti Nikola k ap fè pa chat
    Kèk nèg nwè k tounen timilat
    Agoch adwat n ap pran back shot
    Boujwa pwogresis tounen Pilat
    (Son w pil pirat)
    Ak moral ou te finanse yon chanjman pou 30 fevriye
    (Kou l atè plat)
    Koral la pa bezwen w twazyèm vwa
    Se tout refren an k dwe griye

    Politisyen se vòlè nenpòt ki fèl poutan yo pa soti nan syèl
    Yon palmantè ki pa rich aprè manda l pèp la rele l kokorat a zèl
    Y ap pase bèl, dola senkant sou transfè san nouvèl biznis chanpwèl
    Volè lestomak san pwèl pa kouran Jovnèl pa bezwen balèn Dimitri pou w wè l

    Continúa después del anuncio

    10 zan Clan, 10 zan gang, 10 zan bang
    10 zan Let me do my thing
    10 zan grenn, 10 zan jwenn 10 peng
    10 zan let me do my thing
    Kidnaping, Kokayin
    Gwo bandi legal yo bon sou nou
    Gwo machin Gwo Bilding
    An ti zanmi yo bon sou nou
    Kidnaping, Kokayin
    Ti bandi legal yo bon sou nou
    Gwo machin Gwo Bilding
    An ti zanmi yo bon sou nou

    Èske w te konnen?
    Mwen k pa t kwè yon lè vòlè t ap tounen valè
    Anvanyen se met ansanm pou n sove Ayiti, Alòs ke talan pa w se vòlè
    10 zan kal, kanaval rablabla san lopital karavàn oligak
    Barikad lapoula pappadap ba nou bal

    Gaz nou paka achte, pouvwa a plen dilè dwòg
    Lajan sal ap lave, men machann chabon pa ka pwòp
    Lamòt fè n wè Lavalas tounen ti raketè analòg
    Modèl vòl w ap jwenn menm jan ak Ayiti k diferan nan katalòg

    Ekspòte tèt enpòte zam
    Kraze lekòl kraze kilti
    Plis y ap vin rich plis moun vin pòv
    Plis moun mouri plis moun pati
    Label petwo kriminel a 2 tèt
    Bandi ak bal ap kraze tèt
    BigO ap sponsorize vedèt
    Aprè pou n al Taraz al fè fèt

    25 stad make pou grad
    Car wash zewo Lopital
    Okigak foli God foli grad
    Kraze enstisyon leta
    Sa a se bilan PHTK

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión