Fake Siksè

K-Lib Mapou

    Continúa después del anuncio

    Siksè rapè chantè fake
    Respè frechè gangstè fake

    Gen atis angaje atis nan raje atis aktivis
    Atis anraje sa k ap degaje atis ak ti vis
    Lòt la di w atis pa gen kan, wi se vre son w valè nasyonal
    Men l bliye di w tou yo pa gen kran, pou di yo gen chèk palè nasyonal

    On mache pòv, pou kèk atis bezwen rich
    Pi fò pran yon ti chimen kout
    Sa k pè jouman pòv, ap mache ak yon ti krich
    Siksè w mande byennèt nou tout
    Son w politik lè atis di w li pa nan politik
    San etik enfliyanse fanatik, pou foli tit san pwogram politik

    (Kite peyi m mache! Fè hit nan mande)
    Rap an degraba depi lè mateli mouchwa nwa (tapajè nan kanson) konpa ret anba ti vant
    Rebèl nan kilòt tout pwan ti koulwa
    Yo bliye jan lavalas te derasinen kanpèch inonde rèv koudjay ak tokay
    Manzè vann phtk eksperyans boukmann pou l peye lekòl pitay

    Toutotan konsomatè pa gen revni
    Envantè vi ap toujou san avni
    Si n pa batay pou chanje lavi
    Ayiti diferan w lan sendomeng Miami
    Pa gen bras fòk nou anba je
    Plede fè tikomik sou Instagram
    Louwe krisla nan vilaj de dye
    Sèl djòb atis yo se jwe pwogram

    Continúa después del anuncio

    Siksè rapè chantè fake
    Respè frèchè gangstè fake
    Fè hit! Nan mande

    Voici le rappeur parfait
    Zafè w si w kwè m vin pou lapè
    M konnen w pra l mande m konbyen pa m fè
    Domaj m pa t janm ret atè

    M pa p chèche beef ak on nèg k ap defann 2 gouden son w sistèm m ap bay frap
    Kou MC laloz paske l fin fon w three some sa fè l pran tèt li pou yon lejann nan rap

    Pa gen atis ki ka pran retrèt
    Sa n te kwè se pa t pèp nou trèt
    Nou lèd e nou bèt
    Pa gen anpil atis tankou m ki pa gen baboukèt

    Ti boujwa m pa t janm nan niche bouda
    Ni m pa janm nan fè sousou kandida
    Ni m pa janm nan vòlè lajan leta
    Tan pou m pèdi kredibilite m mwen te pito pa la

    Menm ak yon gwo bizinis glas ou pa anyen nan lanfè
    Si yo ta kraze tout glas w ap wè ou pa yon afè
    (Poutan m p ap mennen non)
    Toutan m pa ka peye yon lwaye tankou rony celestin
    Pou m ap louwe non bondye nan yon gwo pòch kayèn tankou frè muscadin

    Men sa pa p janm ka rive, m pa gen menm adn ak pyè mathias
    Ak yon fant zòtèy m pito rete
    M pa p mete rès soulye pye mayas
    Al di pastè w la l te ba w manti
    Paske nou tout pral nan paradi
    Vòlè kretyen dilè kadejakè bandi
    Al mande pastè armel si m manti

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión