Siksè rapè chantè fake Respè frechè gangstè fake Gen atis angaje atis nan raje atis aktivis Atis anraje sa k ap degaje atis ak ti vis Lòt la di w atis pa gen kan, wi se vre son w valè nasyonal Men l bliye di w tou yo pa gen kran, pou di yo gen chèk palè nasyonal On mache pòv, pou kèk atis bezwen rich Pi fò pran yon ti chimen kout Sa k pè jouman pòv, ap mache ak yon ti krich Siksè w mande byennèt nou tout Son w politik lè atis di w li pa nan politik San etik enfliyanse fanatik, pou foli tit san pwogram politik (Kite peyi m mache! Fè hit nan mande) Rap an degraba depi lè mateli mouchwa nwa (tapajè nan kanson) konpa ret anba ti vant Rebèl nan kilòt tout pwan ti koulwa Yo bliye jan lavalas te derasinen kanpèch inonde rèv koudjay ak tokay Manzè vann phtk eksperyans boukmann pou l peye lekòl pitay Toutotan konsomatè pa gen revni Envantè vi ap toujou san avni Si n pa batay pou chanje lavi Ayiti diferan w lan sendomeng Miami Pa gen bras fòk nou anba je Plede fè tikomik sou Instagram Louwe krisla nan vilaj de dye Sèl djòb atis yo se jwe pwogram Siksè rapè chantè fake Respè frèchè gangstè fake Fè hit! Nan mande Voici le rappeur parfait Zafè w si w kwè m vin pou lapè M konnen w pra l mande m konbyen pa m fè Domaj m pa t janm ret atè M pa p chèche beef ak on nèg k ap defann 2 gouden son w sistèm m ap bay frap Kou MC laloz paske l fin fon w three some sa fè l pran tèt li pou yon lejann nan rap Pa gen atis ki ka pran retrèt Sa n te kwè se pa t pèp nou trèt Nou lèd e nou bèt Pa gen anpil atis tankou m ki pa gen baboukèt Ti boujwa m pa t janm nan niche bouda Ni m pa janm nan fè sousou kandida Ni m pa janm nan vòlè lajan leta Tan pou m pèdi kredibilite m mwen te pito pa la Menm ak yon gwo bizinis glas ou pa anyen nan lanfè Si yo ta kraze tout glas w ap wè ou pa yon afè (Poutan m p ap mennen non) Toutan m pa ka peye yon lwaye tankou rony celestin Pou m ap louwe non bondye nan yon gwo pòch kayèn tankou frè muscadin Men sa pa p janm ka rive, m pa gen menm adn ak pyè mathias Ak yon fant zòtèy m pito rete M pa p mete rès soulye pye mayas Al di pastè w la l te ba w manti Paske nou tout pral nan paradi Vòlè kretyen dilè kadejakè bandi Al mande pastè armel si m manti