ANLÈ (feat. Baky)

Kanis

    Continúa después del anuncio

    Tèt anlè
    Ret anlè
    Toujou anlè
    Pitit Bondye pa janm ret atè
    Ekstraterès m pa moun
    Sèl monn selès ki konprann mwen
    M pa manbo m se yon manman tanbou
    Sa fè dèfwa yo konfonn mwen
    M alèz
    Tout chache m chache m pa jwenn tchalenj
    Sak te vle fè maji sou mwen yo tout tonbe nan falèz
    Tande twonpèt la
    Wo, m ap vini
    M jwenn limyè tankou Kris
    M retire nanm nan blakawout
    Retire vis, pote jistis
    Bay levanjil nan tout kafou
    Tèt anlè
    Ret anlè
    Toujou anlè
    Pitit Bondye pa janm ret atè

    Voye je w anlè pou gade m
    Pa gen plas pou mwen isi ba
    Pa gen wayom pou wa sa
    W pa gen pwa rale kò w la ti sina
    Anlè li ye
    Lè map pase
    Paka touche m ak fistibal
    Nou fè ginen danse lè w tande bidimbimbidimbimdibaw (anlè li ye)
    Pa chache m nan mitan yon m s’on w espri ginen
    Rele sa w pa wè san trase vèvè w ap resi kimen
    W ap resi di mwen sa k fè syèl ak tè pa ka fè lapè
    M ap fè lago ak etwal pandan ti egri ap fè bèk atè (anlè li ye, ayibobo)
    N ap chache m nan syèl na wè m
    M se pitit limyè e solèy f’on sèl avè m

    Albòm nan nèk lage nantre tout sa k te hit
    Baky, Niska n tèlman vole wo djòs rele n satelit
    Tèt anlè
    Ret anlè
    Toujou anlè
    Pitit Bondye pa janm ret atè

    Continúa después del anuncio

    NASA pako konprann èt tankou m ki sot nan lespas
    Lasyans ap chache konnen kote m pase m pa janm kite tras
    Pa gen anyen ki ka deplasem, tout sam kreye monte depase m
    M se yon mèvèy pou ou, piti Bondye se li k reklame m… Yeah
    Kisa m aprann sou latè? Tout sa k kiss ou ka kaka w
    Menm sak viv ou pral avè w, lè w sou pouvwa w y ap la nan dada w
    Se pa monte nou wè m ap monte
    Desann n ap plede desann
    Se mistè a, fò w gen sajès pou w rive konprann… Anh
    Manman Mari di yo m gen kontwòl tout lame a
    Pandan y ap rablabla di yo m pral fè hit tout ane a
    M anlè zanj mwen yo kanpe an militè
    Enèji m pouse reyon, m anvayi nan tout linivè… Anh

    Tèt anlè
    Ret anlè
    Toujou anlè
    Pitit Bondye pa janm ret atè

    Manman Mari
    Tèt anlè
    Ret anlè
    Toujou anlè
    Pitit Bondye pa janm ret atè

    Manman Mari di yo m gen kontwòl tout lame a
    Tèt anlè
    Di yo m pral fè hit tout ane a
    Ret anlè
    M anlè, zanj mwen yo kanpe an militè
    Toujou anlè
    Pitit Bondye pa janm ret atè

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión