Lanmou N Kidnape

Klass

    Continues after the ad

    Mwen avèl leve nan menm katye
    Se nan menm lekòl nou te ye
    M pa bezwen di w jan n'abitye
    Jiskakse mwen vwayaje
    M te konn fè va-et-vient
    Pat gen tan pou chagren
    Mwa sa fè 2 ans m pa ka mete pye
    Lanmou n' kidnape, peyi n debalize

    Semèn pase manman l mouri
    Se moman pou m' te avèk li
    Men li di m' cheri pa pran chans
    Pa fè Pòtoprens konfyans
    M' konnen l'ap soufri
    Fò m' ta vin Ayiti
    Men li di pito m voye olye m' vini
    Lanmou n' kidnape
    Peyi n debalize

    Se tankou you tatoo (cheri ou sou po m)
    Mwen pa ka fè lanmou (chay la lou sou do m)
    Se ou seul ki ka (leve embargo m')
    Ayiti cheri...nèg yo blo m'

    K-L-A-S-S. Klass It is baby!
    Pawòl la kounya se pito ou voye ou pa vini

    Continues after the ad

    Lannwit li pa fasil pou dòmi pran m'
    San chalè kò w' m' santi m'ap pèdi nanm
    Cause I really miss my boo
    Li pa rele lanmou san ou
    M'ap fè tout vye rèv
    Peyi m' an grèv
    M' rele, m' priye Bondye chak jou
    Pou malè pa rive ou
    M' pap janm jwenn lòt ki pi gou
    Ki pi gou ooo

    Jou m' rive rantre (Nan peyi a)
    Kay sa pral kraze (eyaaa)
    Tankou you tatoo sou po w' mwen pral kole (mwen pral kole woy)
    Mwen genyen lespwa, li pap ret konsa (nou mèt kwen mwen)
    Mechan yo gen pou lage peyi a

    Lannwit li pa fasil pou dòmi pran m'
    San chalè kò w' m' santi m'ap pèdi nanm
    Cause I really miss my boo
    Li pa rele lanmou san ou
    M'ap fè tout vye rèv
    Peyi m' an grèv
    M' rele, m' priye Bondye chak jou
    Pou malè pa rive ou
    M' pap janm jwenn lòt ki pi gou
    Ki pi gou no no noo

    Jou m' rive rantre (Nan peyi a)
    Kay sa pral kraze (eyaaa)
    Tankou you tatoo sou po w' mwen pral kole (mwen pral kole woy)
    Mwen genyen lespwa, li pap ret konsa (Bondye bon)
    Mechan yo gen pou lage peyi a (nèg yo blo m', yo blo m)

    Gen you nouvèl ki fenk tonbe la, sa l' ye?
    Peyi a mande pou Pozo
    Pozo

    Song details

    Composition:

    Did you see an error?

    Enviar revisão