Mwen avèl leve nan menm katye Se nan menm lekòl nou te ye M pa bezwen di w jan n'abitye Jiskakse mwen vwayaje M te konn fè va-et-vient Pat gen tan pou chagren Mwa sa fè 2 ans m pa ka mete pye Lanmou n' kidnape, peyi n debalize Semèn pase manman l mouri Se moman pou m' te avèk li Men li di m' cheri pa pran chans Pa fè Pòtoprens konfyans M' konnen l'ap soufri Fò m' ta vin Ayiti Men li di pito m voye olye m' vini Lanmou n' kidnape Peyi n debalize Se tankou you tatoo (cheri ou sou po m) Mwen pa ka fè lanmou (chay la lou sou do m) Se ou seul ki ka (leve embargo m') Ayiti cheri...nèg yo blo m' K-L-A-S-S. Klass It is baby! Pawòl la kounya se pito ou voye ou pa vini Lannwit li pa fasil pou dòmi pran m' San chalè kò w' m' santi m'ap pèdi nanm Cause I really miss my boo Li pa rele lanmou san ou M'ap fè tout vye rèv Peyi m' an grèv M' rele, m' priye Bondye chak jou Pou malè pa rive ou M' pap janm jwenn lòt ki pi gou Ki pi gou ooo Jou m' rive rantre (Nan peyi a) Kay sa pral kraze (eyaaa) Tankou you tatoo sou po w' mwen pral kole (mwen pral kole woy) Mwen genyen lespwa, li pap ret konsa (nou mèt kwen mwen) Mechan yo gen pou lage peyi a Lannwit li pa fasil pou dòmi pran m' San chalè kò w' m' santi m'ap pèdi nanm Cause I really miss my boo Li pa rele lanmou san ou M'ap fè tout vye rèv Peyi m' an grèv M' rele, m' priye Bondye chak jou Pou malè pa rive ou M' pap janm jwenn lòt ki pi gou Ki pi gou no no noo Jou m' rive rantre (Nan peyi a) Kay sa pral kraze (eyaaa) Tankou you tatoo sou po w' mwen pral kole (mwen pral kole woy) Mwen genyen lespwa, li pap ret konsa (Bondye bon) Mechan yo gen pou lage peyi a (nèg yo blo m', yo blo m) Gen you nouvèl ki fenk tonbe la, sa l' ye? Peyi a mande pou Pozo Pozo