Map Marye

Klass

    Continúa después del anuncio

    Papi pa di m ou bliye
    Mati ou di m ou te pase
    Lè ou ak manmanm te fèk rankontre
    Se paske w te kenbe jodya m ekziste

    Pouki ou vle pou pitit ou eritye
    Mizè ou te andure, se pa sa l ta dwe ye
    Se li mwen vle, benediksyon ou konte
    Men si w pa aksepte, m ap oblije marye

    M ap marye, oh m ap marye avè l
    Li respekte fanmi l, nan li mwen wè lavi m
    M ap marye, oh m ap marye avè l
    M pa mande pèmisyon, m ap chèche benediksyon

    Manmi ou di m ou pa vle wè l
    Ou di m san w pa ale avè l
    Sonje se mwen ki pral viv avèl
    Li fè lavi m pi bèl ohh

    Pouki ou vle pou pitit ou eritye
    Mizè ou te andure, se pa sa l ta dwe ye
    Se li mwen vle, benediksyon ou konte
    Men si w pa aksepte, m ap oblije marye

    Continúa después del anuncio

    M ap marye, oh m ap marye avè l
    Li respekte fanmi l, nan li mwen wè lavi m
    M ap marye, oh m ap marye avè l
    M pa mande pèmisyon, m ap chèche benediksyon

    Woy, woy konpa
    Pipo tout jan tout tan
    Wouch, oh letènèl
    Lalalalalala
    Eske son patisyon plòtonnen

    Mamni tande – ya oh
    Sa se pitit ou kap pale – ya ya oh
    Mwen toujou fè sa w vle men fwa sa ou dwe sipòte m – ya ya oh
    Papi tanpri – ya oh
    M konnen w pa ta vle m soufri – ya ya oh
    Men ou pa ka fè santiman m, se li menm ki tout kè kontan m

    Manmi ou se tèt chapo mwen ba ou, fò w mete l
    Nou pa ka chwazi pou mwen, je suis plus un garmin
    Papi ou se tèt chapo mwen ba ou, fò w mete l
    Nou toulède gradye profesyonèl nou ye

    Cheri pa enkyete w, m gen kontwòl tout bagay
    K L A S S, klass
    Konpa, konpa
    Sa son w brezo
    Woy woy, yo mele
    Yaya fly
    Woy woy, yo mele
    Klass it is baby, yes it is baby
    Moskino
    Bon nou pral bay on ti apèsu sou bal la wi, tande sa

    Gen sa k gen tèt ki pa gen kò
    Gen sa k gen kò ki pa gen tèt
    Nou menm djaz sa nou gen tèt nou gen kò, depose konpa

    Se se se, ay, men konpa

    Manmi ou se tèt chapo mwen ba ou, fò w mete l
    Si nou konnen nou byen eduke m, pouki nou gen dout sou chwa m ap fè
    Papi ou se tèt chapo mwen ba ou, fò w mete l

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión