Pale Pou Tèt Ou

Klass

    Continúa después del anuncio

    Pale klè pale cho
    Pale vit pale klè pale cho
    Pale vit pale klè pale cho
    Pale klè pale cho
    M sèmante m pa gendwa janm fout pale pou moun ankò

    Yè m'al nan on ti party
    Avek you zanmi
    Nou rankontre you bèl lady
    Zanmi m' entèrese men Ii pè pwoche
    Li di m' tanpri, pale pou li

    Mwen bay manzè bèl ti pawòl (Bèl ti pawòl)
    Nan tèt mwen zanmi m' pral plen bòl
    Men manzè mwen gade, li souri
    Li sekwe tèt li, li souri
    Li di m' Pipo, mwen pral ba w you ti konsèy
    Viens donc mon beau, mwen vle di w li nan zòrèy
    Sa w tande a li di m'

    Pale pou tèt ou, jere tèt ou
    Paske se avè w pou m ta ye
    Nan bra w' pou m ta ye
    Pale pou tèt ou, jere tèt ou
    Se sou wifi w' la m' vle branche
    Se ou mwen sible

    Bagay la konplike
    Mwen santi m strese
    De pye m' pran nan you grenn soulye
    Kijan l'ap fè konnen ke se pou li m tap goumen
    M'oblije pa ka di l' anyen

    Continúa después del anuncio

    Gad jann m' pral pèdi you zanmi
    You bon zanmi
    M' pa fè anyen k' mal mezanmi
    Malgre mwen panse
    Mwen ezite
    M pa ka reziste
    Manzè avwe
    Ke se mwen li te sible
    M pat gen le choix
    Gen chans ou pa jwenn de fwa
    Ki sa li di?

    Pale pou tèt ou, jere tèt ou
    Paske se avè w pou m ta ye
    Nan bra w' pou m ta ye
    Pale pou tèt ou, jere tèt ou
    Se sou wifi w' la m' vle branche
    Se ou mwen sible

    Pale klè pale cho
    Pale vit pale klè pale cho
    Pale vit pale klè pale cho
    Pale klè pale cho
    M sèmante m pa gendwa janm fout pale pou moun ankò

    Si lang ou pa gen zo ole
    Si lang ou pa gen zo ola
    Si lang ou pa gen zo ole
    Si lang ou pa gen zo ola
    Pouki w pa vle pale pou tèt ou
    Se ka moun sa k' pral fè bonè w'
    Se you move sitiyasyon
    Ki ka fè w pèdi zanmi w, mete w na vye pozisyon

    Ou gen dwa pè desepsyon
    Ou pa renmen rejeksyon
    Pa pè tonbe nan la vi
    Pou sa w' renmen fò w' soufri
    Pouki se mwen k' pou pale
    W' pa enfim ni kokobe
    Epi kou sa mal pase
    Se sou do m' chay pral tonbe

    Si lang ou pa gen zo ole
    Si lang ou pa gen zo ola
    Si lang ou pa gen zo ole
    Si lang ou pa gen zo ola
    Pouki w pa vle pale pou tèt ou
    Se ka moun sa k' pral fè bonè w'
    File moun pou zanmi pa fè sans
    A la rigueur si w' vle
    Mwen ka fè w' fè konesans

    Ou gen dwa pè desepsyon
    Ou pa renmen rejeksyon
    Pa pè tonbe nan la vi
    Pou sa w' renmen fò w' soufri
    Pouki se mwen k' pou pale
    W' pa enfim ni kokobe
    Epi kou sa mal pase
    Se sou do m' chay pral tonbe

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión