Ranje Chita'w

Klass

    Continúa después del anuncio

    Pipo tout jan!
    Klass it is baby!

    Mizisyen Ayisyen pa dwe ret bwa kwaze
    60ans fè n pase tankou n pat egziste
    Kout chapo pou Nemours ki kreye bèl rit sa
    Ki ede nou chak jou bliye lapèn avèk debra
    Nou bay tout jenès nou au service du pays
    Epi kou laj antre yo bliye nou jouk nou mouri
    Gen yo pwovèb ki di lè w wè yon zo atè
    Li te gen vyann yon lè
    Atis fè je w klè, li lè pou nou reyini

    Mizisyen Ayisyen toupatou ann ale! Kote nou?!
    Valè n twò wo andann yon sosyete pou nou pa ka òganize n
    Pa tann katastwòf frape nou, pou n mache men nan kou
    Si lè gen maladi se nou k remèd, peyi n dwe sispann fè n pa regret

    C'est la musique ki rive melanje tout klass
    Chak ane se nou k fè tout yon pèp konble Chanmas
    Lè n kanpe kòt a kòt ak atis lòt bò dlo talan n menm jan ak yo
    La seule différence est une question du drapeau

    Mizisyen Ayisyen toupatou ann ale! Kote nou?!
    Valè n twò wo andann yon sosyete pou nou pa ka òganize n
    Pa tann katastwòf frape nou, pou n mache men nan kou
    Si lè gen maladi se nou k remèd, peyi n dwe sispann fè n pa regret

    Ou la la la la la la la la

    Ranje chita’w tande!
    Van tanpèt larivyè desann lanmè bon mizik Klass la ki rive!
    Se sa! Se sa manman se saaaaaaa!

    Continúa después del anuncio

    Woy! Konpa!
    Ou ka wè l gen on lòt gou!
    Ha ha!

    Ranje chita w - Djakout number 1
    Ranje chita w - Kisa n ap fè kisa n ap fè?!
    Ranje chita w - Nu Look!
    Ranje chita w - Fò n ale!
    Ranje chita w - Disip, Zenglen!
    Ranje chita w - Pa gen dòmi non!
    Ranje chita w - Pozo lage konpa konsa

    Oh oh oooh!
    Tu peux faire ca toi meme?!
    Se pou sa yo rayi n nan wi Ti Junior!
    KLASS!

    Ranje chita w - T-Vice, Carimi!
    Ranje chita w - Fò nou òganize n!
    Ranje chita w - Kreyòl La, Harmonik, Gabèl!
    Ranje chita w - fò n ale!
    Ranje chita w - Rap kreyòl, Rasin!
    Ranje chita w - mizisyen toupatou rasanble!

    Pipo! Aya man!
    Nou bay tout san nou nan yon peyi – hmm
    Se nou k fè lavi mache – hmm hmm
    Pandan yo pa respekte dwa n – hmm
    Gouvènman eksplwate n – hmm hmm
    Yo pa rekonèt li kòm metye – hmm
    Men depi n fè san’l frape – hmm hmm
    DGI la kolekte tax, epi pa menm gen on bon lekòl mizik nan ti peyi n nan

    Pa gen sitiyasyon mizik pa jwe eya
    Mizik jwe nan maryaj tankou lanmò
    Men fòw panse ak sa ti frè
    Pa gen pòt ni fenèt konpa pa rantre eya
    Gentan gen 60ans lap fè n danse

    Si tout mizisyen nan peyi sa – hmm
    Ta di yo kraze on kite sa – hmm hmm
    Kijan lavi n ta ye – hmm
    Strès tap fin anvayi n – hmm hmm
    Tout sa pou n ta pwoteje – hmm
    Yo nou neglije – hmm hmm
    Kòman nou vle pou n avanse, pou pwogrese
    Kwè mwen souple sa pa ka kontinye

    Pa gen sitiyasyon mizik pa jwe eya
    Lè kèw kontan w danse l
    Lè wap kriye li konsole w manman
    Pa gen pòt ni fenèt konpa pa rantre eya
    Pou bagay ke nou fè gouvènman peyi nou dwe n respè oh

    (Oh oh oh, oh oh oh) Woy
    Oh oh oh, oh oh oh
    (Oh oh oh, oh oh oh) Gen bon, gen pi bon
    (Oh oh oh, oh oh oh) Epi gen fè, gen byen fè tande
    Richie fè l ankò!

    Ranje chita w - Minis de la kilti!
    Ranje chita w - Ranje w tande!
    Ranje chita w - Fò k ou pa nan sal de class!
    Ranje chita w - Fò l nan konstitisyon an!
    Ranje chita w - Twò eksplwatasyon!
    Ranje chita w - Klass it is baby!

    Epi voye’l ale!

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión