Véyé Sa’w Pral Wè

Klass

    Continues after the ad

    Pa okipe w de sa wap tande a
    (Sa yap di deyò a!)
    Pito w veye saw pral wè a
    (Klass it is pi rèd!)
    Pa okipe w de sa wap tande a
    (Anlè nèt!)
    Pito w veye saw pral wè a
    (Richie ou wè kou a!)

    Zaboka pa pizza, mpap achte l pa tranch
    Gade non ti papa chak jou pa dimanch (chante)
    Zaboka pa pizza, m pap achte l pa tranch
    Gade non ti papa papa

    Se fanatik yo k mete’n la
    Wi nou travay di pou sa
    Se nèg anlè a k mete’n la
    Ou paka retire’n la (ayayay)

    Kite yo ranse pandan n’ap vanse
    Se pi wo ke nou vize
    Ke’w fè ke’w pa fè lèzòm kritike
    Konsa lanati fonksyone
    Ou taye zèb anba pye nou
    Ou vle elimine nou
    Pandan ke sa’w pwopoze a
    Se pa li k verite a

    Si nan tout istwa chasè se ero
    Se paske lyon pa konn ekri
    Malgre tout sa’w fè nou pote’w sou do
    W’ap di’w pile zegwi woy

    Zaboka pa pizza, mpap achte l pa tranch
    Gade non ti papa chak jou pa dimanch (la voix)
    Zaboka pa pizza, m pap achte l pa tranch
    Gade non ti papa papa

    Break it down!

    Continues after the ad

    Pa okipe w de sa wap tande a
    (Se pale yo ka pale kite yo)
    Pito w veye saw pral wè a
    (Veye ha ha ha)
    Pa okipe w de sa wap tande a
    (Pozo pase kle w, kranke machin lan)
    Pito w veye saw pral wè a

    Konpa! Konpa! Konpa! Konpa!
    Wi pip pip! Weyy!
    Ayiti cheri! Weyy!
    Les Antilles! Weyy!
    N’ale! Woyy!

    Ay ay ay!
    Nou gon konpa ki...TOU PARE!
    Fanatik...Y’AP SEPARE!
    Klass la vini...TOU PARE!
    Ayisyen yo...Y’AP SEPARE!

    Si ba direksyon jenès la kase
    Se ou menm ki fè sa (se ou)
    Se ou menm ki fè sa (mwen di se ou)
    Wi se ou menm

    Si sa’n ka ekspòte banalize
    Se ou menm ki fè sa (se vre)
    Se ou menm ki fè sa (mwen di se ou)
    Wi se ou menm

    Nou gon konpa ki...TOU PARE!
    Fanatik...Y’AP SEPARE!
    Di Klass la vini...TOU PARE!
    Antiyè...Y’AP SEPARE!

    Timoun kounya nan di “N’importe quoi”
    Se ou menm ki fè sa (se ou)
    Se ou menm ki fè sa (mwen di gade)
    Wi se ou menm
    Olye ‘w fè travay la, w ap rablabla
    Se ou menm ki fè sa (ou fè l vre)
    Se ou menm ki fè sa
    Wi se ou menm

    Maestro kanpe djaz la! Kanpe djaz la!
    Kounya nich yo inonde
    (Nich yo mouye)
    Y’ap chèche pay sèch nan Klass la
    (Sa fanatik yo di?)
    Zaboka pa pizza
    (Sa vle di)
    Nou pap achte l! Nou pap achte l pa tranch!

    Richie, bese djaz la!

    Kounya nich yo inonde
    (Tou nich yo mouye wi)
    Y’ap cheche pay sèch nan Klass la
    (Sa lemond antye di?)
    Zaboka pa pizza
    (Sa vle di)
    Nou pap achte l! Nou pap achte l pa tranch!

    Tout jan m tout jan
    Djaz planèt la
    An flannè

    Men bon rara!
    Pale ak moun yo!
    Pandan y ap ranse (se sa)
    Nou menm n ap vanse (se sa)
    Manti m fè?!

    Song details

    Composition:

    Did you see an error?

    Enviar revisão