Wap Peyel (feat. Master Brain)

Klass

    Continues after the ad

    Oh oh ohhh ohhh
    Oh oh oh ohhh
    Paran l te fè w konfyans avè l
    Yo konn kite w nan kay avè l
    Baw pèmisyon benyen li
    Menm chanje rad sou li
    Pa janm panse saw te ka fè l
    Ou tann lè nou a deux
    Lè pèsòn pap gade
    Ou di l li mèt antre fèmen pòt pa pale
    Pou w te ka f on ti jwèt avè l
    Ou vyole on inosan
    Yon ti lèzanj dizan
    Ou merite Prizon

    Mechan
    Wap Peyel
    Ki feeling ou jwenn nan
    Yon ti lèzanj dizan
    Ou ensanse ou enkonsyan
    Mechan
    Wap Peyel

    Sak pi rèd la ou fin fè l avè li
    Ou di l mèt al di yo pap kwè l
    Pran plezi w menase li di l wap fè kale l
    Ou tromatize l kriminèl
    Ou tann lè nou a deux
    Lè pèsòn pap gade
    Ou di l li mèt antre fèmen pòt pa pale
    Pou w te ka f on ti jwèt avè l
    Ou vyole on inosan
    Yon ti lèzanj dizan
    Ou merite Prizon

    Continues after the ad

    Mechan
    Wap Peyel
    Ki feeling ou jwenn nan
    Yon ti lèzanj dizan
    Ou ensanse ou enkonsyan
    Mechan
    Wap Peyel
    Devan bondye
    Wap Peyel

    Mwen di a tout zye li plen dlo
    Ou mete li sou do
    Ou mechan monchè
    Ou mechan vye Frè
    A tout li di fè pa li
    Ou konnen li fè l mal
    Ou mechan monchè
    Ou mechan vye frè
    Se Pa dwa m pou m jije w mwen se pechè tou
    E m konnen domèn lòm nan se fè erè tou
    Ke remò pa janm baw panse a tchwe tèt ou
    Saw fè sou tè wap wè l sou tè fò w fout peye dèt ou
    Eskize m si mizik sa a fè w enkonfòtab
    Men li lè pou viktim lonje dwèt sou koupab
    Paran tanpri pran sa an konsiderasyon
    Lè timoun pote w plent mennen envestigasyon
    Pou w konn si se vre si se akizasyon
    Pito nou evite pase n mande padon
    Prekosyon pa kapon
    Tanpri fè atansyon
    Pa kite pitit nou vaykevay pami jèn gason
    Paske timoun nan bèl Èske l merite sa
    Non
    Paske l byen devlope Èske l merite sa
    Non
    Èske nap kontinye kase fèy kouvri sa

    Non Non Non Non Non
    Devan Bondye
    Wap peyel
    Mwen di a tout zye li plen dlo
    Ou mete li sou do
    Ou mechan monchè
    Ou mechan Vye Frè
    A tout li di fè pa li
    Ou konnen li fè l mal
    Ou Mechan monchè
    Ou mechan vye frè
    S on gwo dèt ou fè
    Tout saw fè sou latè se li ou wè
    Wap gen pou w peye l
    Sa w fè se li ou wè
    Lanfè se sou tè
    S on gwo dèt ou fè
    Wap peyel

    Song details

    Composition:

    Did you see an error?

    Enviar revisão