Ba l Tit Pou Kò w

Malada

    Continúa después del anuncio

    Plimwèt pyafe, ak kaye
    F on bèl triyo
    M voye mo jwe antre yo
    Pwoche zòrèy tande kri yo
    Bri flo yo naje nan kè w
    Motive w nève nan pè w
    Ouvè je w kale l fè wè w
    Montre w ennmi an gade l ou bèw
    Nan rap
    M kanp an fratènite pandan
    Nèg ap batay pou patènite
    Li klè m ap lite
    Menm si Vi m menase
    (Yo) m p ap pè ni kite
    Si w panike m
    M ap pèsekite w
    Tande bri pyem
    K ap mache vin pre w

    Iwonize w ak bravo
    Montre w pa vo ak bravou

    Continúa después del anuncio

    Sou dèlma n fòk opresè n
    Fè kè yo bat
    Deplase pyon efase sa nou kwense wa echèkemat
    Raple yo jan chat mache pa janm konsa li kenbe rat
    Yo fè nou peye frekan
    N al pran monnen n nan Delimart
    Lank mwen se sa l
    Ka remèt
    Paske m gen soufrans kòm remèd
    M Fè dap sou sa m p ap remèt
    Ni pi devan m p ap regrèt
    Leta p ap regle on mèd
    Se blanchiman biyè vèt
    Yo jwenn milyon pou fè fèt
    Yo bann petwo a kòm dèt
    Yo k genyen
    Yo k pou fè pèt
    Yo se chèf yo se sèl mèt
    Pèp souvren an kanpe rèd
    Nou te fin fèl man nou fè l nèt
    N ap met 6-7
    Nan plas makèt
    Si wè m sispèk
    Di m sa k ap fèt
    Gran piwèt pou w pa parèt
    Anndan pasrèl la se pi rèd

    M pa gen si lontan nan rap poutan yo wè m vin tou ansyen
    M pran l senp
    M rap pozisyon m
    Pa di viv pou anyen
    Se sijè k ap manyen
    Donk m gen lirik pou m pran swen
    Flo m yo p ap pran fen
    Kwè m mo yo vini tou ansent
    Respirasyon m vin an san donk chak ba s on ba l nan kè n
    Enspirasyon m vin an ven enben bon trak an karantèn
    M pa di pou m mennen tou rap pa t janm on bak
    Non plis pou m vin trennen tou non fè rap pa t janm on bak
    Pandan n ap kritike fòm batay la pèp la fon an
    Nèg a vès restavèk tanzantan k ap foure yo pi fon
    Pi fò pou m pa di tout
    Sou do mizè w y ap kòche w
    Yo fin vann ou y ap fòse w
    Y ap byen soufle w y ap mòde w
    Pran pòz moun fò nèg save bon kot sa n pa devlope la
    1804 pat kòve men sanble nou ret kole la
    Ann wete fatra la
    Tout pil minis
    K ap bay kana
    Pa gen jistis
    Fòk sa kaba
    Kot kòb petwo a bann mafya?

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión