Faktorim (feat. Gaby, Blayzmatiq & Deni)

Malada

    Continúa después del anuncio

    M ap travay pou mwen briye men m toujou g on pati sonm
    Nigga m pa sispann fight pou patizan m
    Ak tout pati m pran
    Batman kè m ankre nan chak lirik m ap spit nòmal pou l fè w tranble kòmsi w te soufri pakinson
    Chak mo s on kout penso
    Si w nan w kochma li k pou pense w
    Bay flo ki pou plen so w
    Lirik ki pou pèse w
    Vi m ant mato ak anklim, rap ban m dènye kout pens yo
    Nou pap tonbe menm jan menm lè w ta wè n bite pou menm so
    Ok fason pasyon m m vle push
    Ak sans sa k sanble m louch
    Zèv malad art yo toujou genyen retouch
    Ok! Vrè rèv ou yo pap mande w pran kabann
    Se lè plan w yo tonbe nan dlo w kòmanse pran galon
    Gen goat ki mouri anonim, tout vi l t on akwoni m
    Atelye emcee a nou rele l faktorim
    Ak plim mwen m poze bonm, m ap gad sonbre mi yo
    Jou m tonbe konsidere m genyen, vi m s on domino

    Etanke pan mchaje zyeu nan mw
    Map flippin in and out nan multiple vers mchaje dieux nan mw
    Nan epòk krèy mchwazi met kran poum kreye
    Kraze kek kolabo krab keyi kle tan poum' jere
    Nan yon fason mfè vim' ak planm'
    De echèk mpa janm pè di m' aprann
    Se sak fè mpa janm pèdi m'aprann
    Plis lavi plis maji plis nap jwil' plis nap viv ansanm
    Plis nap di plis m'aji plis map vin knprn
    Ke lap tan se lè li lè lè plizyè pèp ki kwè vrè tizè fè vit fè, kè lizyè vrè limyè fèn vin wè... Klè
    Nan do chak aigu gen yon obtus
    Nan do chak Jesus gen yon doctrine
    Nan souvni chak mawozo yo gen yon fo kwis
    Nan lansman chak revolisyon nigga gen yon gwo kriz
    Mse God body nan yon sans
    Mbanni non sens
    Mpa nui non son
    Poum spit knowledge all the way

    M pi plis ke plis
    Mistik ke mizik
    Vire je w isit
    Viv tankou moun
    Se bourike isit
    Flach k ap klere n yo flou
    Pwojektè k te la yo etenn
    Etenn n ap etenn tout vi
    Konmsi n nan on jenosid isit
    Frè m s on gwo souf
    Nan on bouke
    Yon gwo chout nan on ti pye
    Yon gwo kou k fè w vide
    M ap jere on faktorim nan lemonn fè koupye
    Tande
    Eko nou l ye men fizikman n pa travèse

    Continúa después del anuncio

    Mòfolojikman n emèje
    Pandan lespri nou imèje
    Fuck that
    Nou poze la kou 50 kòb
    Ak tout tonton nou
    Raple w nan kan nou
    Fas a fas
    Dozado n jere klan nou
    Kite nivo gradoub
    Pou n antre swa san pran vazlin

    Ka di n s on machin tout jan n kanpe nan rap
    Fabrik nan nan m nou
    Bòs tayè pa ka wè chen panse se pa zo l ap rekoud
    Nan hood je n koud
    Nou rèd w a di n te pase stoud
    Sou fèy n ap balade
    Ide n yo rete kou ikòn
    Fabrike gwo rim sou gwo rim
    Kole emcee kou silikòn

    Nou pa ka fè faktorim
    San n pa pale de pwoletarya
    Antanke ouvriye plim
    Sa s on sendika kont pil mafya
    Sa yo bann nan minim
    Nou dwe leve pou n chofe lari a
    M pa pè parèt figi m
    M tou mete m prè pou komisarya
    Tout polis yo an plas
    Yo pran risk yo anfas nou
    Yo kanpe pou yon klas
    Apre pou yo ka jwenn on bras
    Nèg sa yo tèlman raz
    Yo bay lòd pou bann gaz
    Batay la ap pr ron lòt faz
    Enben nou pral tann yo nan baz
    Fòse nou travay di
    Pandan y ap konstwi kapital
    Epi n ap kontinye viv mal anndan yon fòkin kapital
    Chak grenn jou n leve s on batay
    Kont yon vye sistèm kanibal
    Menm sin pran gaz kontinye
    Sinon nou byen konnen ke l ap pi mal
    M pa bezwen site
    Tout pri pwodwi yo nèt fin monte
    Menm premye nesesite
    Anplis dola a k ap wonfle n
    Ki fè m gen raj nan sa m ap spit la
    Li tou ede f on terapi
    M t ap toujou chire bit la
    Menm si l te koud sonapi

    Información de la canción

    Composición:

    ¿Los datos están equivocados?

    Enviar revisión